Accéder au contenu principal

Articles

Ou sikre

Se pa de sikre w sikre M ap chita nan pye w Se pa de pike w pike Sa rèd lè m vle manyen ou Se pa de gou w gou Lè m kenbe w, m pa mande rete Men gwosè w ! Ou gen dlo tout kote Mèsi anpil zannanna pou tout kalite w Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/kielozar/5554881773/

panse nan di me de mil dizwit

Nou mete lòd Nou kreye ak dezòd Gwo jou dimanch  nou konn ranje kay Nan simenn li simanyen :  Li gen vi, ak anpil cham Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/qJFZHN

Tande nou tande

Ow?! Ki sa sa ye la ? Ki sa m tande ? Ès yon moun ki ap pataje Yon mizik li vle lòt moun pou koute ? Do pou kont li, vle li pa vle rete !? Do se lamas apresye li apresye ? Pou fanm kou gason, se respe li gen respe ? Jenn kou vye, se montre li vle montre ? Long tankou pye kout Touris tankou abitye ki konn wout Nou tout Sa yo ki chita, tankou sa yo ki doubout Nou tout ! Nan nou genyen ki abitye Oblije ! Nan nou genyen ki apresye Oblije ! Men bòs mizik, sonje Gen lòt yo ki gentan bouke Wi ti chéri, sonje Gen lòt nèg nan menm kote Pou moun sa yo kisa ki rete ? Wi ti cheri, sonje Se oblije ou oblije yo koute Menm lò yo pa vle Tèks : Roseny BLANCA Foto : byè nwè nan "Amsterdam"

Li gen tout mo

Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Li di sa l vle Li konnen ki sa li renmen Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Li souri, li pa nan pale franse Li renmen sa li wè Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Pa genyen fitilite Nan mo li itilize Li gen tout mo yon "koupe pa rele" San rete Li mete men'l kote li vle San rete Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Nan telefòn li pa rete Rete chita pale Li pa konnen Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Okenn womans, okenn fitilite Nèg sa a pa nan pale franse Ayi Bondye ! Tèt mwen vire Li gen tout mo yon "koupe pa rele" ! Se sou sa a li ye Se koupe li vle koupe Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Kounouyea ki sa pou m fe ? Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/midianinja/26481047869/

Nan zòn

Apenn jou koumanse louvri De zye l yo dri Li pa gen tan pou l pèdi Se travay ak kouray pou fè seksi Talè a li gen randevou Ak yon demwazèl tankou l Medam yo pare, yo fin kòdjòm Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo pral kraze yon zòn Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo anfòm Kèk lougawou kache dèyè mòn, Nan randevou lanmou ak pye mango ki djanm. Medam yo menm chita pale ak tout moun. Jèn, vye, Madan Sara, kòdonye, Bòs, chofè : de moun sa yo rete ak tout moun. Pran bon plezi nan lemonn : Koute mizik, voye blag, kite telefòn Pran bon plezi, griyen dan, manje griyo, pikliz ak diri jòn Apenn jou louvri Solèy la kale nou wi ! Tout zye nou dri Jodiya nou tout zanmi Mennaj, bouzen, Ti razè, kaka kleren, Nou tout zanmi Ansanb nou pran plezi Otè : Roseny BLANCA Lè : Jyen 2018 Foto : https://flic.kr/p/EKG1RV

Voye jete kite

Voye jete kite Pou kisa se lòtbò m kite w ? Pou kisa se lòtbò m jete w ? Vini bò kote mwen Pran plezi avè mwen Cheri, ou mete m sou sa Annou voye alsiyis jis nan fè nwa Pou kisa se lòtbò m kite w ? Pou kisa se lòtbò m jete w ? Ou ban'm vag : kè m tris, m fè move san. Tèt mwen chaje : ou gen yon pwen, yon cham ontan lontan Eseye mwen eseye pran Nouvèl la ak kè kontan Men sitiasyon a te trò lou anndan Di m nan : yon mennaj tankou ou se tèt nèg ? Ès sèl se sèl mwen menm ki ta sipoze voye jete tout règ ? M sonje w anpil mouche ki rele "Womi Aristid Nestò" Ki jan bay yo ap pase lè n ap kontre andewò ?

Fatra kouri

Ann pale yon bay serye. Gen yon dividal desen kouri Tankou Sipèmann, Batmann, Spidèmann, Yo kraze tout sa yo genyen Yo pete tout sa yo kontre Ki kalite sitwayen k ap rete ? Yo tout se dezòd yo dezòd : Pa gen yonn menm k ap mete lòd Lari a kraze Machin yo kraze Kamyonèt yo kraze Biwo yo kraze Skilti yo kraze Mize a kraze Gwo bildin yo kraze Tonnè ! Gwo wòch ti pyè tonbe kraze Nou pa janm wè yo ranmase Ki kalite egzanp yo ye ? Ki kalite sitwayen ki rete ? Gade anpil desen kouri : Yo brile kay Yo kraze bildin. Tout yo tout rete atè ! Ki moun ki ta pran yon balè ? Ki moun ap fè pwòpte ? Tankou lari a pa t gen valè, Se jete yo jete san yo pa menm panse. Iks menn, Sipèmann, Batmann, Sibòg, Sangowann, Gokou, Nawouto, Katara Yo gen fòs, yo gen pwen, yo gen ti kòb, yo gen sajès E yo tout tonbe nan laparès Pouki sa yo nan strès ? Sanble : ranje gen movè près, Oswa fè pousyè poko alamòd. Sonje fatra pa gen yon sèl kòd : Resiklaj mete bon dezòd nan lòd ...

Reponn

Reponn Zye kontre, manti kaba : Ou ap twaze m tankou yon lwa Menm nan fè nwa Gen yon reflè nan miwa a Ki sa m ap kite dèyè m ? Ki sa mwen ye ? Ki panse m ap kite dèyè m ? Ki moun mwen ye ? Ki bonnè m ap kite ? Ki malè m ap mennen ? Lage yon dra blan Pa tonbe nan jouman Pran plezi, griyen dan,  sonje mwen ak kè kontan Ou menm ki rete : Reponn, Di m ki moun mwen ye. Sèl se sèl yon moun ki ta reponn ? Sèl se sèl yon moun ki kapab reponn ? Sèl se sèl yon moun ki ta sipoze reponn ? Es yon moun menm ta dwe reponn ? Ki sa m kite dèyè mwen ? Miwa pwòp tèt mwen ? Ki sa m kite ou konnen sou mwen ? Ki moun mwen ye ? Ki listwa mwen genyen ? Ki sekrè m ap mennen ? Nan mitan zye Nan fon kè Nan mitan panse Nan sim laverite Griyen dan pa di zanmi pou sa Pale franse san pa gen lespri pou sa Makak pa jwe ak tig Kouto konnen sa ki genyen nan kè fig Zanmi, fanmi : Ou pli mal pase jounalis ! Fanmi...

Pòko janm kontre

Pòko janm kontre Nou pòko janm kontre M ta renmen konnen ki mou ou ye M pòko abitye avè w : nou pòko kontre. Montre m ajisman ou : Montre m lareyalite Ki jan m ap reyaji avè w ? Ki moun mwen ye ? Yon frè, yon ekriven k ap batay pou Lalibète Yon kouzin, yon syantifik k ap batay pou pwogre Yon zanmi ak rèv, prensip, leson, Yon egzanp, sajès, listwa, anbisyon Pou moun san non Moun mwen pòko kontre Pou moun san non Moun mwen pòko abitye Lamas m p ap janm kontre M di ou mèsi pou tout sa ou ye Tèks : Roseny BLANCA Foto sou lisans "Creative Commons" https://soundcloud.com/voyageonslocal/poko-janm-kontre

Po bannann

Po bannann https://youtu.be/2DCpZcEAnas Art : @chevelin_illustration, 2016 https://www.instagram.com/p/BDyZ_RSJDyE https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106665_5c0eb712262f9f85d5e19b9112c67d26.jpg Nan kafou sèlfi, bwè tafya, manje fritay Gen madan Sara ak jwè domino sou yon wout lakay Ti demwazèl vann fig ak lòt bagay Tèt li dwèt, li mache ak anpil cham Panye sou tèt, tèt sou zepol : a yay yay ! Biznis li a pa yon chay Art : @chevelin_illustration, 2016  https://www.instagram.com/p/BD3uNauJDwe https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106666_9bfb495dfa887972409415bbf8fd49c2.jpg Nan lajounen depi grann maten Yo tout kontre nan menm chimen Ti Jan, yon minis k ap kabicha nan yon machin Defiley, ki pral lekòl lavil Konpè Belizè, k ap kalkile Konbyen kòb k ap rete Pi ta pou manje yon pate Si depi koulye a se yon ti fig li achte Art : @chevelin_illustration, 2016  https://www.instagram.com/p/BEL0sf_JDx-/?utm_sou...

Apprendre par l'action #18_03

Ambiance bénévole, décontractée, le public est souvent bienveillant et se déplace pour découvrir quelque-chose voire en prendre plein les yeux. Il faut donc être connecté, digital, dans le coup. Une clé USB, des vidéos YouTube, un cast avec le téléphone vers la télé : tous les moyens sont bons pour capter l'assistance et se renouveler. Aussi quand un diaporama issu du Drive commence à devenir capricieux, je me retrouve au pied du mur et dois vite compenser. Mes connaissances historiques, politiques, géographiques, économiques sont limitées, mais j'ai soif d'apprendre et de partager : alors c'est parti pour un quizz avec des proverbes publipostés ! Au menu : - un ordi avec une suite bureautique - un vidéoprojecteur, un câble HDMI, un écran blanc, une table - un tableur avec quatre champs "iD, pwovèb, traduction littérale, version française" - le fichier de traitement de texte renversé en paysage, avec en police 36 l'enchaînement "pwovèb, EN...

Bwè, Manje, Resikle !

Bwè, Manje, Resikle ! Tim tim ! Bwa sèk ! Bwè, Manje, Jete ! Kokoye ! ...tanpri, eskize m boubout : Sanble ou pèdi ou nan wout ! Aplikasyon kokoye ou bliye yo tout Jodi a nou fè kòd, nou fè panye, nou fè tout Jodi a « Bwè, Manje, Resikle ! » Nou mèt reponn : « Kokoye ! » Ubuntu Party 17-11 Cité des Sciences Paris Porte de la Villette Samedi 25 Novembre 2017 Atelier "Langues régionales en danger : cas particulier du Créole" Lien : https://talks.ubuntu-paris.org/conferences/UPP1710/program/proposals/16 https://videos.ubuntu-paris.org/videos/watch/504dd4db-9d87-4a07-9ec8-2a16949dc033 :

Aprezan

Aprezan M pa t konn ki jan Pou m pale avè w M pa t konn ki jan Pou m reyaji avè w Ou pa t konn ki jan Pou ou reyaji san kolè Nou pa t konn ki jan Esprime nou san movè san M ta renmen remoute tan an M ta mete m chita san pèdi tan Pran bon konsey nan silo sajès : M ta anjwa, kè m t ap kontan Paske nou t ap toujou ansanm Ankò aprezan Kredi : Tèks : Roseny BLANCA Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/

Silo konfyans

Silo konfyans Zye kontre lanmou monte Men nan men traka kaba Bouch nan bouch : sous sa a dous Nanm fè youn Sa bèl pou lemonn tèks : Roseny BLANCA foto : HOPE Art « Bassin Bleu » - https://flic.kr/p/ek6jmd

Ti moun siz an

Ti moun siz an Li gen fyèl Kè l kontan : l ap souri. Li pale ak gran moun, Li pale ak ti moun, Li konprann sa l ap di, Men sonje : Se jwe l ap jwe ! Li defye yo : kè l kontan ! Tankou tout ti moun siz an Li griyen dan Jèn, vye : Ansanm yo jwe, Ansanm yo pataje. Montre l yon kabòs, L ap reponn kakao. Montre vetivè, Li reponn : vetivè, Se yon plant ki pwoteje latè. Siz an l fèk fete Ayiti, li renmen l Li fyè, paske l konnen l Tankou yon ti moun siz An, ki soti Ayiti Men se lòt bò li grandi ! Gran moun, nou tout sezi ! Li rele Manman, Li rele Papa Ansanm Pou nou vini chita. Li di : pa enkyete w, Bagay sa ap enterese w. Voye « Tim tim ! » L ap reponn : « Bwa sèk ! » Se siz an li genyen : Pa manke l dega Oswa Se li menm k ap rakonte istwa a ! Li konnen Ti Pyè, Li konnen vetivè. Pase isit, l ap pase la. Pye mouye : li konnen pou ki sa. Li fyè : kè l kontan ! Li renmen paske l konnen Se yon konfimasyon Kreyòl se djondjon : Li leve kote l vle ! An nou pale kreyòl t...

Koulye a

Koulye a Aswè a An nou mache ti pa ti pa An nou chita An nou kabicha Kouly ea An nou voye alsiyis jis nan fè nwa Tim tim ! Ouvè wa, fenme wa ! Nou fè lasisin Ak ti Wa a ! Lannuit sa a An nou bwè bon tafya Ren pou ren nan chak djòl ki la. Sa bèl lè rive ti moman sa a : Li komanse ti istwa a.

Travayè

Travayè Pou ki sa yo chwazi sa ? Pou ki sa yo travay di kon sa ? Solèy pòko leve, yo pòte chay, yo swe Jounen yo rèd : se pa de mache yo mache, Jounen yo rèd : se pa de koube yo koube Lannuit, lajounen, Gwo chalè, gran fredi mèt brile zo yo Lannuit, lajounen, Yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Koute yo nan lari, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Nan transpò piblik, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Yo pran douvan, e yo fè jou louvri Bite tè a pa dous, Se rezilta a k pi gran resous Chak jounen yo gen yon sans Chak jou yo aprann e yo pran esperyans. Nenpòt kote yo ale, ni kote yo sòti se yon chans : Konbit yo se yon syans ! Piti kou gran gen enpòtans Tout ansanm yo pataje konpetans Men d èv bon mache ? Lè yo ale nou kontrarye ! Tout bòs se bòs, men tout bòs pa menm : Aprè yo pa gen lòt ! Yo la pou nasyon an vini fòt ! Bòs, Pechè, Bayakou, Peyizan : Koute yo k ap konte, yo griyen dan Koute yo k ap pataje, kè nou kontan ! https://pxhere.com/en...

Ti tach koulè

Moun a Pari pi nwè pase nèg Soulye yo nwè Pantalon yo nwè Chemiz yo nwè Makout yo nwè Chapo, manto yo nwè Tout rad yo nwè Tout figi yo nwè Yo pi nwè pase nèg Tout nanm yo nwè Gras a Dye gen ti tach koulè ! Ti tach solèy ! Gade nan metwo oswa nan lari : Yo souri Yo di bonjou Yo konn mèsi Respè, Bonte, Dousè yo pa gen lè : Pari a reyisi ! foto : Kamilla Oliveira «In one of the rooms of the Yayoi Kusama exposition.» - https://flic.kr/p/ncn5L3 tèks : Roseny BLANCA

Li kite chapo l

Zanmi m ale li kite chapo l Lè l fè fredi pi souvan Li pote youn detanzantan Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Nou menm nou sòti, nou griyen dan Dènye fwa nou kontre Nan trant jen nou te ye Nan Mize « Quais Branly » nou te promenne Nou dekouvri Amana ak Maori Nan « La Before » nou pran plezi Ou renmen Pari E ou renmen dekouvri lòt kilti Rete chita nou pa konn sa Nou mache, nou sòti nan galrida Pale anglè ak jouman san traka Griyen dan tout kote nou gen dwa Jis nou rantre nan fè nwa M sonje bèl moman nou pase Bon chokola nou manje Ak gwo ti ponch nou te goute M ta fè yo ankò pou w ta rete Men tan an ap kouri, ou ale Souvni yo rete Nou tris, tout figi nou plen dlo Zanmi nou ale pou peyi san chapo « Choky » al nan plaj

Egzanp

Bayakou se yon fyète Pou tout moun, yo gen respè Nou rele yo pou afè dlo sal ak lasante E tout kote yo pase, yo fè pwòpte Bayakou se yon kado Lè nou reflechi, nou tout bezwen yo ! Pa gen pèsòn ki pa fè poupou, ki pa fè popo Oswa nou t a tout fè vwèl pou peyi san chapo Bayakou se yon sous lò Yo jwèn plis pase lòt bò Pitit yo pa rete an deyò Men aprann lekòl pou yo vini fò Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Pran plezi, fè kòb, gen yon tan pou tout bagay Chita pa bay : ou ranje kay w anvan gen loray. Yo pa rantre nan tripotay, nan lavil tankou non kanpay Yo fè anpil pou nou. Men, yo twò rete nan lonbray Bayakou se yon egzanp Yo fè kòb, yo swe, yo gen tranp Se pa sèl « bwè, manje, jète » :  yo fè rant Lavi a rèd, e lavni yo gen bon sant Bayakou se pwoteksyon Yon travay pou ajoute nan dividal anbisyon n Ekonomi bag, plantasyon, Anviwònman, pwogrè lanasyon Nan men bayakou gen bèl lorizon

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la...

Bò kote m

Pou dat yo konnen, Li di l : «Wi doudou ! Ou damou, ou fou pou mwen Lanmou ou sere m, antòtye m Ou damou, ou fou pou mwen Wi doudou ! Cheri doudou : sanble ou timid ? Ou pa yon vye gason fwonte K ap simen pitit li tout kote Ou pran tan ou Lè ti trou a pare pou ou : Ou plante nan mwen. Lanne yo ap pase, Ou pa mande rete : Ou fouye m, lannuit kou lajounen Ou fouye m. Nannan mwen, ou pouse Tankou se fon zantray mwen w ap chache. Pa gen sezon, Ou fouye m, lannuit kou lajounen Ou fouye m. Nannan mwen, ou pouse Tankou se fon zantray mwen w ap chache Ou pa menm di ditou ! Pa gen okenn kay, ou pa ka bite m pi rèd ankò Ou t a fè menaj avè m tout kote ! Cheri Papa : pitit nou yo pouse, yo grandi Tim tim ! An n al chache Ti Pyè !  ...pitit sa sanble rive avan nou ! M renmen ti lodè w M ap swiv ou, k ap swiv mwen Ou rete avè m, menm lè m ap glise Avè ou, m santi konfyans ak lasante E tout vye ravèt yo fini danse Ou gen lespri, ou pa nan pale franse M gens chans krontre ou :...

Fred Edson LAFORTUNE : An n al Lazil

(extrait) Texte intégral disponible aux éditions Trilingual Press via www.tanbou.com

Lavni beni

Lavni beni Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann pran plezi Pa janm sispann pale an daki Pa janm sispann reve je louvri Pa janm sispann renmen lavi Pa janm sispann aprann epi li Pa janm sispann koute epi ri Pa janm sispann chante, danse tankou yon kabrit Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann proteje lanati Pa janm sispann dekouvri lòt mèzi, lòt kilti Pa janm sispann kontre vrè zanmi Ansanm, ou mèt chita, oswa mache nan lari Pa janm sispann pran nouvèl fanmi Pa janm sispann kwè nan agrikilti Pa janm sispann dekouvri lòt kilti, lòt peyi Pa janm bliye kote ou sòti https://soundcloud.com/voyageonslocal/lavni-beni

Tou rete rete

Tou rete rete ---- ( audio ) Lavi a dwól !  Konnen lè ou gen yon wòl !  Kite dlo sa a Ki fèk jete w la Demawe l ! Kite l ale  Se poze w poze Se ale li ale Vini bó kote mwen. Vini karese mwen. Vini touche mwen. Vini chita sou mwen. Vini poze w sou mwen. Vini lage w sou mwen. Vini lonje sou mwen. Vini nan mitan mwen. Vini ouvri kó w sou mwen. Vini melanje w avè m. Vini vlope w avè m. Vini fè youn avè m. Vini konpoze avè m. Koulye a, ou konnen  Ki sa ou ye pou mwen ? https://commons.wikimedia.org/wiki/File:LagunageNaturelSchéma.jpg

Jounen Mondyal Dlo

Yon ti gout dlo, li tou piti Ki sa n ap fè avè li ? De ti gout dlo, yo pa menm gran Ki lè n ap gen tan ? Twa ti gout dlo, se lasisin E powèm sa a ap fin rive nan Batin 2017 - 03 - 22 https://soundcloud.com/voyageonslocal/jounen-mondyal-dlo

Pourquoi parler créole aujourd'hui ?

Oui, pourquoi apprendre le créole ? pour quoi étudier cette langue ? Y a-t-il un intérêt ? social ? commercial ? fondamental ? Est-ce utile d'apprendre le créole ?  On pourrait répondre que la Caraïbe et les Antilles ont déjà l'Anglais, le Français, le Portugais et ou l'Espagnol. Les populations pourraient ainsi échanger en Anglais la première langue commerciale ou avec l'Espagnol qui est l'une des langues maternelles comprenant le plus de locuteurs. Et puis le créole suit-il un système régulier ? un alphabet ? quid des régionalismes ? QQOCQP = Qui ? Quoi ? Où ? Comment ? Quand ? Pourquoi ?   créole ? langue ? kézako ? Regardons quelques définitions     Langue Système de signes vocaux et/ou graphiques, conventionnels, utilisé par un groupe d'individus pour l'expression du mental et la communication.  On identifie notamment les langues vivantes, nationales, artificielles, nat...