( version en français plus bas ) Chak jou gen yon pakèt zouti ki parèt ak entèlijans atifisyèl (ENA) : yo toupatou, yo tout kote, nou pa pral janm fè yon jou san nou pa kontre yo. Èske ENA pral ranplase tout atis nou yo ? Non ! 🤗 Entèlijans atifisyèl ( ENA ) pòko prè pou ranplase kreyativite kretyenvivan yo : Kredi foto : Mohamed HASSAN 18/03/2021 - https://pxhere.com/fr/photo/1640118 ( oswa imaj ak yon atis ki ap chante, yon miwa ak SUNO, ChatGPT, HEDRA, ENVATO, CANVA, GEMINI, COPILOTE, elatriye ) 1) ENA brase yon pakèt enfòmasyon aprè li sèlman kopye sa l te jwenn Nou tou mèt pran egzanp kreyasyon chante ak SUNO.com : Souvan nou rekonèt mizik ki te gentan fèt deja. Plizyè fwa, plizyè moun diferan di m « o o ! Apa m rekonèt mizik sa ! » Tandiske se premye fwa m te jwe l pou yo e mizik sa pòko sòti sou entènèt. Moun sa yo rekonèt yon melodi, tankou nou ta sonje yon chante orijinal nan yon repriz. An n sonje tou ki jan ENA ap travay : li pran yon pakèt egza...

Commentaires
Enregistrer un commentaire