Accéder au contenu principal

Ti tach koulè

Moun a Pari pi nwè pase nèg
Soulye yo nwè
Pantalon yo nwè
Chemiz yo nwè
Makout yo nwè
Chapo, manto yo nwè
Tout rad yo nwè
Tout figi yo nwè
Yo pi nwè pase nèg
Tout nanm yo nwè

Gras a Dye gen ti tach koulè !
Ti tach solèy !
Gade nan metwo oswa nan lari :
Yo souri
Yo di bonjou
Yo konn mèsi
Respè,
Bonte,
Dousè yo pa gen lè :
Pari a reyisi !



foto : Kamilla Oliveira «In one of the rooms of the Yayoi Kusama exposition.» - https://flic.kr/p/ncn5L3
tèks : Roseny BLANCA

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Masterclass

Séance d'apprentissage personnalisée An n dekouvri ak pwogrese ansanb ! Voici un exemple / Men yon egzanp : Réservez vos séances / Kite m konnen : VoyageonsLocal@gmail.com pour plus d'information sur Roseny Blanca / fè plis konesans ak Wozni BLANKA #VoyageonsLocal quelques mots et le voyage commence !

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la...

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT * OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : en Italie, cet ingrédient sert à préparer...

Bèl chante ak SUNO

 Men kèk bèl chante nou te fè ak entèlijans atifisyèl tankou SUNO ak ChatGPT Kredi pou foto a : SUNO.com #ai #aiart JODI A SE FÈT OU Listen on Suno [Entwodiksyon] Bon jou ti cheri, jodi a n ap fete. [Refren] Jodi a se fèt ou ! "Jodi a se fèt ou ! " Ou pral manje gato ! " Ou pral manje gato ! " N ap swete w yon bon fèt  " N ap swete w yon bon fèt ! " Nou vin fete avè ou  " Nou vin fete avè ou ! " [Vèsè 1] Nou la, n ap selebre w !  [Refren] Jodi a se fèt ou ! "Jodi a se fèt ou ! " Ou pral manje gato ! " Ou pral manje gato ! " N ap swete w yon bon fèt  " N ap swete w yon bon fèt ! " Nou vin fete avè ou  " Nou vin fete avè ou ! " [Vèsè 2] Nou la, n ap selebre w ! [Refren] Jodi a se fèt ou ! "Jodi a se fèt ou ! " Ou pral manje gato ! " Ou pral manje gato ! " N ap swete w yon bon fèt  " N ap swete w yon bon fèt ! " Nou vin fete av...