Accéder au contenu principal

Ti moun siz an




Ti moun siz an


Li gen fyèl
Kè l kontan : l ap souri.
Li pale ak gran moun,
Li pale ak ti moun,
Li konprann sa l ap di,
Men sonje :
Se jwe l ap jwe !
Li defye yo : kè l kontan !
Tankou tout ti moun siz an
Li griyen dan


Jèn, vye :
Ansanm yo jwe,
Ansanm yo pataje.
Montre l yon kabòs,
L ap reponn kakao.
Montre vetivè,
Li reponn : vetivè,
Se yon plant ki pwoteje latè.
Siz an l fèk fete
Ayiti, li renmen l
Li fyè, paske l konnen l
Tankou yon ti moun siz
An, ki soti Ayiti
Men se lòt bò li grandi !
Gran moun, nou tout sezi !


Li rele Manman,
Li rele Papa
Ansanm
Pou nou vini chita.
Li di : pa enkyete w,
Bagay sa ap enterese w.
Voye « Tim tim ! »
L ap reponn : « Bwa sèk ! »
Se siz an li genyen :
Pa manke l dega
Oswa
Se li menm k ap rakonte istwa a !
Li konnen Ti Pyè,
Li konnen vetivè.
Pase isit, l ap pase la.
Pye mouye : li konnen pou ki sa.
Li fyè : kè l kontan !
Li renmen paske l konnen

Se yon konfimasyon
Kreyòl se djondjon :
Li leve kote l vle !
An nou pale kreyòl tout kote !






Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

An nou fè yon ti pale !

Au fil des discussions en français, retrouvez le retour d'expérience de divers.es invité.e.s quant à leur langue maternelle : Pran bon plezi ! https://anchor.fm/voyageonslocal   Vini kontre nou sou Spotify tou ! https://open.spotify.com/show/3Dwznb0PkDI2JHkoj9uOMG S4E5 -            - SEZON KAT EPIZÒD SENK * Jounen mondyal kreyòl 2022 * Kèk jwèt dijital nou jwenn sou VoyageonsLocal.blogspot.com * Preparasyon diri djon djon S4E3 -            - SEZON KAT EPIZÒD TWA * Pwogram televizyon pou timoun : @lakoukajou ( 14 minit ) * Kèk pwodui Ayiti : Vetivè, kasav, manba, chiklèt, mango, kann, kennèp S4E2 -            - SEZON KAT EPIZÒD DE : quelques mots et le voyage commence ! * Choublak : plante ornementale tropicale couramment appelée HIBUSCUS  * Ankouraje mwen : chante peyizan ki sòti nan sit entènèt Matenwa.org * Tim tim ! Bwa sèk ! => ...

Tim-Tim mele mele ak lòt ti jwèt dijital yo ( pwovèb, lasisin, bèbè, kèsyon-repons, Defi djondjon )

Isi a w ap jwenn plizyè ti jwèt dijital tankou : # Tim tim mele mele,  # Pawoli ak pwovèb,  # Lasisin bèbè ak pawoli,  # Tim tim ! Bwa sèk !  # epi kèsyon repons ak kèk resous ekonomik.  An nou pran plezi epi fè yon dal foto pou nou sonje bèl moman nou ap pase ! ***** Tim tim !        Bwa sèk ! ---> ki bòs tim tim ap jwenn yo tout ??? 🎓🥇🏆 🇭🇹 An nou mete yon ti lòd nan "tim tim mele mele" sa yo ! 🇲🇫 Lire chaque devinette à gauche puis retrouver la réponse correspondante située à droite : mettez de l'ordre dans ce casse-tête de devinettes ! 🇺🇸 Pair each riddle with its own clue ! A- Nou la pinga ou jete anyen ! AN- Ti tonton boukannen, ti tonton moulen ! B- Ti gason mele ! CH- Pli m fon, pli m bon ! D- Dwe vini, dwe pati, dwe rive ! ...... 1- Jakmèl ! 2- Tap tap ! 3- Choublak, lalo, kalalou ! 4- Mayi ! 5- Rasin vetivè ! Kèk esplikasyon ⏯️ **** Komande Diksy...