Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du mai, 2018

Voye jete kite

Voye jete kite Pou kisa se lòtbò m kite w ? Pou kisa se lòtbò m jete w ? Vini bò kote mwen Pran plezi avè mwen Cheri, ou mete m sou sa Annou voye alsiyis jis nan fè nwa Pou kisa se lòtbò m kite w ? Pou kisa se lòtbò m jete w ? Ou ban'm vag : kè m tris, m fè move san. Tèt mwen chaje : ou gen yon pwen, yon cham ontan lontan Eseye mwen eseye pran Nouvèl la ak kè kontan Men sitiasyon a te trò lou anndan Di m nan : yon mennaj tankou ou se tèt nèg ? Ès sèl se sèl mwen menm ki ta sipoze voye jete tout règ ? M sonje w anpil mouche ki rele "Womi Aristid Nestò" Ki jan bay yo ap pase lè n ap kontre andewò ?

Fatra kouri

Ann pale yon bay serye. Gen yon dividal desen kouri Tankou Sipèmann, Batmann, Spidèmann, Yo kraze tout sa yo genyen Yo pete tout sa yo kontre Ki kalite sitwayen k ap rete ? Yo tout se dezòd yo dezòd : Pa gen yonn menm k ap mete lòd Lari a kraze Machin yo kraze Kamyonèt yo kraze Biwo yo kraze Skilti yo kraze Mize a kraze Gwo bildin yo kraze Tonnè ! Gwo wòch ti pyè tonbe kraze Nou pa janm wè yo ranmase Ki kalite egzanp yo ye ? Ki kalite sitwayen ki rete ? Gade anpil desen kouri : Yo brile kay Yo kraze bildin. Tout yo tout rete atè ! Ki moun ki ta pran yon balè ? Ki moun ap fè pwòpte ? Tankou lari a pa t gen valè, Se jete yo jete san yo pa menm panse. Iks menn, Sipèmann, Batmann, Sibòg, Sangowann, Gokou, Nawouto, Katara Yo gen fòs, yo gen pwen, yo gen ti kòb, yo gen sajès E yo tout tonbe nan laparès Pouki sa yo nan strès ? Sanble : ranje gen movè près, Oswa fè pousyè poko alamòd. Sonje fatra pa gen yon sèl kòd : Resiklaj mete bon dezòd nan lòd