Accéder au contenu principal

Konpoze

Konpoze

Yo rele nou fatra, men fò ou sonje
Sa bèl lè nou melanje
Nou vire, nou tounen
Se pa de monte, chalè a ap monte
Wi, chalè a monte
Gen kèk gaz ki ap chape :
Pa enkyete w, Doudou,
« Misye konpòs, se avè w li ye. »
Chalè a monte
Gen kèk gaz ki chape :
Nou pa bezwen kouran,
Se nou menm k ap voye elektrisite.
Se konpòs mwen ye,
Banm tout sa ou vle.
Ou sikre : m ap manje w.
Ou si : m kapab manje ou tou.
Se konsa mwen ye :
Tout sa w ye,
M ap manje.
Ti mòso a ti mòso
Kraze bwa, kraze zo.
Ti mòso a ti mòso
Nou vini melanje tankou dlo.
Po, lèt, ze
Yon sèl eleman nou fòme.
Po, lèt, ze
Yo rele nou fatra, men fò nou sonje
Ban mwen bon manje pou m manje
Se konpòs mwen ye.
Manman, Papa
Pa manke m dega
Pa mete plastik nan mitan nou
Pa jete fè tou, nan mitan nou.
Nou rayi yo
Nou pa sipòte yo.
Yo anpeche nou fè
Sa nou gen pou fè
Yo anpeche nou rive nan sim
Yo anpeche nou rive nan leta iltim
Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje
Sa bon, sa bèl pou latè lè nou konpoze.



tèks : Roseny BLANCA
foto : Jessalyn Aaland - Compost Pile - https://flic.kr/p/b7w2vv

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT * OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : en Italie, cet ingrédient sert à préparer...

Madigra

  Madigra m pa pè w : Se moun w ye. ----- Nou mèt kontre "lougawou" nan plas "madigra" ----- Kèk egzanp sou entènèt

Pourquoi parler créole aujourd'hui ?

Oui, pourquoi apprendre le créole ? pour quoi étudier cette langue ? Y a-t-il un intérêt ? social ? commercial ? fondamental ? Est-ce utile d'apprendre le créole ?  On pourrait répondre que la Caraïbe et les Antilles ont déjà l'Anglais, le Français, le Portugais et ou l'Espagnol. Les populations pourraient ainsi échanger en Anglais la première langue commerciale ou avec l'Espagnol qui est l'une des langues maternelles comprenant le plus de locuteurs. Et puis le créole suit-il un système régulier ? un alphabet ? quid des régionalismes ? QQOCQP = Qui ? Quoi ? Où ? Comment ? Quand ? Pourquoi ?   créole ? langue ? kézako ? Regardons quelques définitions     Langue Système de signes vocaux et/ou graphiques, conventionnels, utilisé par un groupe d'individus pour l'expression du mental et la communication.  On identifie notamment les langues vivantes, nationales, artificielles, nat...

Salon Haïti Futur 2025

🇭🇹 Yon fwa ankò, konbit « Haïti Futur » envite nou tout nan :  🇫🇷 Comme chaque année, l'association « Haïti Futur » vous invite toutes et tous au :  SALON DU LIVRE HAÏTIEN DE PARIS Douzyèm edisyon  12ème édition  DIREKSYON Salon du livre haïtien – 12ème édition – les 29 novembre et 30 novembre 2025. Mairie du 15ème arrondissement de Paris 31 rue Péclet 75015 Paris. Métro Vaugirard – Bus 62, 70 et 80. ENTRÉE LIBRE. Horaires Samedi 29 novembre - de 10h à 19h - salon du livre Dimanche 30 novembre  - de 10h à 19h - salon du livre 🇭🇹 Ap gen konferans, chita pale, bèl liv, bèl kado pou achte ak yon atelye kiltirèl :  🇫🇷 Il y aura des conférences, des débats, de beaux livres, de beaux cadeaux à acheter ainsi qu'un atelier culturel :  E N AP KONTRA DIMANCH NAN APREMIDI Entwodiksyon  Animasyon yo : bèbè lasisin, kreyasyon chante ak entilans atifisyèl , kèk koloryaj , jwèt ak kèk pyès deparman Diplòm yo

Tim-Tim mele mele ak lòt ti jwèt dijital yo ( pwovèb, lasisin, bèbè, kèsyon-repons, Defi djondjon )

Isi a w ap jwenn plizyè ti jwèt dijital tankou : # Tim tim mele mele,  # Pawoli ak pwovèb,  # Lasisin bèbè ak pawoli,  # Tim tim ! Bwa sèk !  # epi kèsyon repons ak kèk resous ekonomik.  An nou pran plezi epi fè yon dal foto pou nou sonje bèl moman nou ap pase ! ***** Tim tim !        Bwa sèk ! ---> ki bòs tim tim ap jwenn yo tout ??? 🎓🥇🏆 🇭🇹 An nou mete yon ti lòd nan "tim tim mele mele" sa yo ! 🇲🇫 Lire chaque devinette à gauche puis retrouver la réponse correspondante située à droite : mettez de l'ordre dans ce casse-tête de devinettes ! 🇺🇸 Pair each riddle with its own clue ! A- Nou la pinga ou jete anyen ! AN- Ti tonton boukannen, ti tonton moulen ! B- Ti gason mele ! CH- Pli m fon, pli m bon ! D- Dwe vini, dwe pati, dwe rive ! ...... 1- Jakmèl ! 2- Tap tap ! 3- Choublak, lalo, kalalou ! 4- Mayi ! 5- Rasin vetivè ! Kèk esplikasyon ⏯️ **** Komande Diksy...