Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du 2018

kè kontan !

Ou fè kè m kontan ! Lò mwen voye TimTim ! Ou Reponn "Bwa chèch!" Lò mwen montre ou vetivè Ou Reponn mwen "li pwoteje latè" Ou fè kè m kontan ! Ou fè kè m kontan ! Lò ou voye TimTim ! Ou fè kè m kontant ! Lò ou montre m jirof, kachiman, choublak ! Lò m montre ou pye mango pou randevou lanmou Lò ou konnen ki nwè detenn mil blan ! Lò ou pran plezi ak DiPi Lò ou pale an daki Se pa de kontan mwen kontan wi ! ===> Otè a : Roseny BLANCA

VoyageonsLocal : kèk atelye nan yon dezyèm rekèy

VoyageonsLocal : Kèk atelye Lire la publication sur Calaméo #1# jeux de mimes avec les proverbes. présenter sur un carré de papier au format a7 voire a8 la version originale, la traduction littérale, ainsi que l'équivalent en français #2# concours d'orthographe : defi dyondyon #3# camionette en origami décorée à la manière d'un tap-tap #4# livret de chansons populaires au format A7. #5# boîte surprise en origami avec serpentin ou message personnalisé #6# remettre dans l'ordre les paroles de l'hymne national #7# qcm en créole sur les situations d'urgence #8# diaporama des produits typiques et paysages remarquables #9# photophore avec feuille A4 pliée en deux, décorée, puis attachée autour d'un pot en verre. ensuite ajout d'une bougie à l'intérieur du pot #10# questions réponses autour de proverbes et leur équivalent en français #11# questions-réponses autour des expressions idiomatiques #12# diaporama de devinettes grâce

Espre

Se konsa li ye ou konnen l deja Li di ou sa deja Ou mèt reponn se espre li fè espre. Menm si ou rele li zouzoun, Li pa jwe ak moun. Menm si ou rele li zouzoun Li pa prale jwe ak moun Li  pa konnen non okenn moun, Menm si ou ta rele li Choukoun Lò nou genyen yon randevou : Vini anvan lè ! Li menm se ale li ale Menm si li kapab tann nou, Konnen li p ap rete Se konsa li ye Nou konnen l deja Li di nou sa deja Nou mèt reponn se espre li fè espre Pas se yon tren espres li ye ..... Tèks : Roseny BLANCA, aprè tren an fèk pati kite m nan Lond 😅 Kredi foto : Andy Nystrom - IMG_8551 - Burlington GO Station - westbound Lakeshore West train (GO Transit) arriving https://www.flickr.com/photos/24917258@N05/31578291295/

Avè l

Avè l nou konstrwi, nou reve, Papye sèvi anpil tout kote #VoyageonsLocal

Mwen renmen yo

Mwen renmen yo pou sa yo ye Papita ki gen plis gou fig pase gou sèl : Se koupe dwèt, mwen pa mande rete ! Salad, pikliz ak diri : Dekorasyon nan mitan vyann ? Se plis valè yo gen plis valè ! Frechè, pike, krokan : se koupe dwèt ! Dlo enfize ak frwi ! Te enfize tap-tap ! Yo pa gen lè : savè yo sibtil Ou mèt bwè yo tout jounen : yo itil ! Bwason sa a respekte tout manje nou manje. Se koupe dwèt : Mwen pa mande rete Mwen renmen yo pou sa yo ye ! Prepare zaboka, aranso ak mayi moulen. Fè lasisin ak Kann, chocola. Mete dyon-dyon, sòs pwa. Manje mango, zannanna Mwen renmen yo pou sa yo ye ! Se koupe dwèt : mwen pa mande rete ! Bwè kafe epi manje manba ak kasav Pran yon kout kleren, Pataje griyo ak bannann peze ren pou ren : Mwen renmen yo pou sa yo ye ! Se koupe dwèt : mwen pa mande rete ! Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/fD9KfU

Bebe m ap bwè w

Ou fè m sou M damou pou w : Chak fwa m wè w ! Bouch mwen ap fè dlo Tèt mwen vire : ou ban'm cho ! M renmen ti lodè w Ou pa p fè ti bebe avè m Ou pa janm rete bèbè avè m Chanpay, wonm, kleren, Tafya, byè, diven, Nou tout gen yon plas nan kè mwen : Ou konnen ? (An afè lasante, pinga nou bwè twòp tafya)

Pitit ou parèt

Lavi a parèt, e li kontinye wout li Yon timoun nan yon pousèt Yon granmoun k ap souse dwèt Lavi a parèt, pa gen plas sèlman pou souvni Jounen yo pase Desizyon yo tonbe Lavi a parèt, annou kontinye avè li Annou genyen yon lo pitit ! Biznis, ti gason, ti fi Penti, pwezi, skilti Annou genyen yon lo pitit Annou mache nan yon dal konbit Annou koumanse piti Annou koumanse gran Lavi a parèt : nou p ap janm pèdi tan Kouri Tap-Tap : nou p ap janm pèdi tan Kè pran pòz : nou p ap janm pèdi tan Sèl se sèl plezi pou nou pran Annou mache-mache ak kè kontan Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/dbJASw

Ou sikre

Se pa de sikre w sikre M ap chita nan pye w Se pa de pike w pike Sa rèd lè m vle manyen ou Se pa de gou w gou Lè m kenbe w, m pa mande rete Men gwosè w ! Ou gen dlo tout kote Mèsi anpil zannanna pou tout kalite w Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/kielozar/5554881773/

panse nan di me de mil dizwit

Nou mete lòd Nou kreye ak dezòd Gwo jou dimanch  nou konn ranje kay Nan simenn li simanyen :  Li gen vi, ak anpil cham Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/qJFZHN

Tande nou tande

Ow?! Ki sa sa ye la ? Ki sa m tande ? Ès yon moun ki ap pataje Yon mizik li vle lòt moun pou koute ? Do pou kont li, vle li pa vle rete !? Do se lamas apresye li apresye ? Pou fanm kou gason, se respe li gen respe ? Jenn kou vye, se montre li vle montre ? Long tankou pye kout Touris tankou abitye ki konn wout Nou tout Sa yo ki chita, tankou sa yo ki doubout Nou tout ! Nan nou genyen ki abitye Oblije ! Nan nou genyen ki apresye Oblije ! Men bòs mizik, sonje Gen lòt yo ki gentan bouke Wi ti chéri, sonje Gen lòt nèg nan menm kote Pou moun sa yo kisa ki rete ? Wi ti cheri, sonje Se oblije ou oblije yo koute Menm lò yo pa vle Tèks : Roseny BLANCA Foto : byè nwè nan "Amsterdam"

Li gen tout mo

Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Li di sa l vle Li konnen ki sa li renmen Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Li souri, li pa nan pale franse Li renmen sa li wè Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Pa genyen fitilite Nan mo li itilize Li gen tout mo yon "koupe pa rele" San rete Li mete men'l kote li vle San rete Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Nan telefòn li pa rete Rete chita pale Li pa konnen Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Okenn womans, okenn fitilite Nèg sa a pa nan pale franse Ayi Bondye ! Tèt mwen vire Li gen tout mo yon "koupe pa rele" ! Se sou sa a li ye Se koupe li vle koupe Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Kounouyea ki sa pou m fe ? Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/midianinja/26481047869/

Nan zòn

Apenn jou koumanse louvri De zye l yo dri Li pa gen tan pou l pèdi Se travay ak kouray pou fè seksi Talè a li gen randevou Ak yon demwazèl tankou l Medam yo pare, yo fin kòdjòm Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo pral kraze yon zòn Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo anfòm Kèk lougawou kache dèyè mòn, Nan randevou lanmou ak pye mango ki djanm. Medam yo menm chita pale ak tout moun. Jèn, vye, Madan Sara, kòdonye, Bòs, chofè : de moun sa yo rete ak tout moun. Pran bon plezi nan lemonn : Koute mizik, voye blag, kite telefòn Pran bon plezi, griyen dan, manje griyo, pikliz ak diri jòn Apenn jou louvri Solèy la kale nou wi ! Tout zye nou dri Jodiya nou tout zanmi Mennaj, bouzen, Ti razè, kaka kleren, Nou tout zanmi Ansanb nou pran plezi Otè : Roseny BLANCA Lè : Jyen 2018 Foto : https://flic.kr/p/EKG1RV

Voye jete kite

Voye jete kite Pou kisa se lòtbò m kite w ? Pou kisa se lòtbò m jete w ? Vini bò kote mwen Pran plezi avè mwen Cheri, ou mete m sou sa Annou voye alsiyis jis nan fè nwa Pou kisa se lòtbò m kite w ? Pou kisa se lòtbò m jete w ? Ou ban'm vag : kè m tris, m fè move san. Tèt mwen chaje : ou gen yon pwen, yon cham ontan lontan Eseye mwen eseye pran Nouvèl la ak kè kontan Men sitiasyon a te trò lou anndan Di m nan : yon mennaj tankou ou se tèt nèg ? Ès sèl se sèl mwen menm ki ta sipoze voye jete tout règ ? M sonje w anpil mouche ki rele "Womi Aristid Nestò" Ki jan bay yo ap pase lè n ap kontre andewò ?

Fatra kouri

Ann pale yon bay serye. Gen yon dividal desen kouri Tankou Sipèmann, Batmann, Spidèmann, Yo kraze tout sa yo genyen Yo pete tout sa yo kontre Ki kalite sitwayen k ap rete ? Yo tout se dezòd yo dezòd : Pa gen yonn menm k ap mete lòd Lari a kraze Machin yo kraze Kamyonèt yo kraze Biwo yo kraze Skilti yo kraze Mize a kraze Gwo bildin yo kraze Tonnè ! Gwo wòch ti pyè tonbe kraze Nou pa janm wè yo ranmase Ki kalite egzanp yo ye ? Ki kalite sitwayen ki rete ? Gade anpil desen kouri : Yo brile kay Yo kraze bildin. Tout yo tout rete atè ! Ki moun ki ta pran yon balè ? Ki moun ap fè pwòpte ? Tankou lari a pa t gen valè, Se jete yo jete san yo pa menm panse. Iks menn, Sipèmann, Batmann, Sibòg, Sangowann, Gokou, Nawouto, Katara Yo gen fòs, yo gen pwen, yo gen ti kòb, yo gen sajès E yo tout tonbe nan laparès Pouki sa yo nan strès ? Sanble : ranje gen movè près, Oswa fè pousyè poko alamòd. Sonje fatra pa gen yon sèl kòd : Resiklaj mete bon dezòd nan lòd

Reponn

Reponn Zye kontre, manti kaba : Ou ap twaze m tankou yon lwa Menm nan fè nwa Gen yon reflè nan miwa a Ki sa m ap kite dèyè m ? Ki sa mwen ye ? Ki panse m ap kite dèyè m ? Ki moun mwen ye ? Ki bonnè m ap kite ? Ki malè m ap mennen ? Lage yon dra blan Pa tonbe nan jouman Pran plezi, griyen dan,  sonje mwen ak kè kontan Ou menm ki rete : Reponn, Di m ki moun mwen ye. Sèl se sèl yon moun ki ta reponn ? Sèl se sèl yon moun ki kapab reponn ? Sèl se sèl yon moun ki ta sipoze reponn ? Es yon moun menm ta dwe reponn ? Ki sa m kite dèyè mwen ? Miwa pwòp tèt mwen ? Ki sa m kite ou konnen sou mwen ? Ki moun mwen ye ? Ki listwa mwen genyen ? Ki sekrè m ap mennen ? Nan mitan zye Nan fon kè Nan mitan panse Nan sim laverite Griyen dan pa di zanmi pou sa Pale franse san pa gen lespri pou sa Makak pa jwe ak tig Kouto konnen sa ki genyen nan kè fig Zanmi, fanmi : Ou pli mal pase jounalis ! Fanmi, za

Pòko janm kontre

Pòko janm kontre Nou pòko janm kontre M ta renmen konnen ki mou ou ye M pòko abitye avè w : nou pòko kontre. Montre m ajisman ou : Montre m lareyalite Ki jan m ap reyaji avè w ? Ki moun mwen ye ? Yon frè, yon ekriven k ap batay pou Lalibète Yon kouzin, yon syantifik k ap batay pou pwogre Yon zanmi ak rèv, prensip, leson, Yon egzanp, sajès, listwa, anbisyon Pou moun san non Moun mwen pòko kontre Pou moun san non Moun mwen pòko abitye Lamas m p ap janm kontre M di ou mèsi pou tout sa ou ye Tèks : Roseny BLANCA Foto sou lisans "Creative Commons" https://soundcloud.com/voyageonslocal/poko-janm-kontre

Po bannann

Po bannann https://youtu.be/2DCpZcEAnas Art : @chevelin_illustration, 2016 https://www.instagram.com/p/BDyZ_RSJDyE https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106665_5c0eb712262f9f85d5e19b9112c67d26.jpg Nan kafou sèlfi, bwè tafya, manje fritay Gen madan Sara ak jwè domino sou yon wout lakay Ti demwazèl vann fig ak lòt bagay Tèt li dwèt, li mache ak anpil cham Panye sou tèt, tèt sou zepol : a yay yay ! Biznis li a pa yon chay Art : @chevelin_illustration, 2016  https://www.instagram.com/p/BD3uNauJDwe https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106666_9bfb495dfa887972409415bbf8fd49c2.jpg Nan lajounen depi grann maten Yo tout kontre nan menm chimen Ti Jan, yon minis k ap kabicha nan yon machin Defiley, ki pral lekòl lavil Konpè Belizè, k ap kalkile Konbyen kòb k ap rete Pi ta pou manje yon pate Si depi koulye a se yon ti fig li achte Art : @chevelin_illustration, 2016  https://www.instagram.com/p/BEL0sf_JDx-/?utm_source=ig_we

Apprendre par l'action #18_03

Ambiance bénévole, décontractée, le public est souvent bienveillant et se déplace pour découvrir quelque-chose voire en prendre plein les yeux. Il faut donc être connecté, digital, dans le coup. Une clé USB, des vidéos YouTube, un cast avec le téléphone vers la télé : tous les moyens sont bons pour capter l'assistance et se renouveler. Aussi quand un diaporama issu du Drive commence à devenir capricieux, je me retrouve au pied du mur et dois vite compenser. Mes connaissances historiques, politiques, géographiques, économiques sont limitées, mais j'ai soif d'apprendre et de partager : alors c'est parti pour un quizz avec des proverbes publipostés ! Au menu : - un ordi avec une suite bureautique - un vidéoprojecteur, un câble HDMI, un écran blanc, une table - un tableur avec quatre champs "iD, pwovèb, traduction littérale, version française" - le fichier de traitement de texte renversé en paysage, avec en police 36 l'enchaînement "pwovèb, EN

Bwè, Manje, Resikle !

Bwè, Manje, Resikle ! Tim tim ! Bwa sèk ! Bwè, Manje, Jete ! Kokoye ! ...tanpri, eskize m boubout : Sanble ou pèdi ou nan wout ! Aplikasyon kokoye ou bliye yo tout Jodi a nou fè kòd, nou fè panye, nou fè tout Jodi a « Bwè, Manje, Resikle ! » Nou mèt reponn : « Kokoye ! » Ubuntu Party 17-11 Cité des Sciences Paris Porte de la Villette Samedi 25 Novembre 2017 Atelier "Langues régionales en danger : cas particulier du Créole" Lien : https://talks.ubuntu-paris.org/conferences/UPP1710/program/proposals/16 https://videos.ubuntu-paris.org/videos/watch/504dd4db-9d87-4a07-9ec8-2a16949dc033 :

Aprezan

Aprezan M pa t konn ki jan Pou m pale avè w M pa t konn ki jan Pou m reyaji avè w Ou pa t konn ki jan Pou ou reyaji san kolè Nou pa t konn ki jan Esprime nou san movè san M ta renmen remoute tan an M ta mete m chita san pèdi tan Pran bon konsey nan silo sajès : M ta anjwa, kè m t ap kontan Paske nou t ap toujou ansanm Ankò aprezan Kredi : Tèks : Roseny BLANCA Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/

Silo konfyans

Silo konfyans Zye kontre lanmou monte Men nan men traka kaba Bouch nan bouch : sous sa a dous Nanm fè youn Sa bèl pou lemonn tèks : Roseny BLANCA foto : HOPE Art « Bassin Bleu » - https://flic.kr/p/ek6jmd

Ti moun siz an

Ti moun siz an Li gen fyèl Kè l kontan : l ap souri. Li pale ak gran moun, Li pale ak ti moun, Li konprann sa l ap di, Men sonje : Se jwe l ap jwe ! Li defye yo : kè l kontan ! Tankou tout ti moun siz an Li griyen dan Jèn, vye : Ansanm yo jwe, Ansanm yo pataje. Montre l yon kabòs, L ap reponn kakao. Montre vetivè, Li reponn : vetivè, Se yon plant ki pwoteje latè. Siz an l fèk fete Ayiti, li renmen l Li fyè, paske l konnen l Tankou yon ti moun siz An, ki soti Ayiti Men se lòt bò li grandi ! Gran moun, nou tout sezi ! Li rele Manman, Li rele Papa Ansanm Pou nou vini chita. Li di : pa enkyete w, Bagay sa ap enterese w. Voye « Tim tim ! » L ap reponn : « Bwa sèk ! » Se siz an li genyen : Pa manke l dega Oswa Se li menm k ap rakonte istwa a ! Li konnen Ti Pyè, Li konnen vetivè. Pase isit, l ap pase la. Pye mouye : li konnen pou ki sa. Li fyè : kè l kontan ! Li renmen paske l konnen Se yon konfimasyon Kreyòl se djondjon : Li leve kote l vle ! An nou pale kreyòl t