Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du janvier, 2018

Aprezan

Aprezan M pa t konn ki jan Pou m pale avè w M pa t konn ki jan Pou m reyaji avè w Ou pa t konn ki jan Pou ou reyaji san kolè Nou pa t konn ki jan Esprime nou san movè san M ta renmen remoute tan an M ta mete m chita san pèdi tan Pran bon konsey nan silo sajès : M ta anjwa, kè m t ap kontan Paske nou t ap toujou ansanm Ankò aprezan Kredi : Tèks : Roseny BLANCA Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/

Silo konfyans

Silo konfyans Zye kontre lanmou monte Men nan men traka kaba Bouch nan bouch : sous sa a dous Nanm fè youn Sa bèl pou lemonn tèks : Roseny BLANCA foto : HOPE Art « Bassin Bleu » - https://flic.kr/p/ek6jmd

Ti moun siz an

Ti moun siz an Li gen fyèl Kè l kontan : l ap souri. Li pale ak gran moun, Li pale ak ti moun, Li konprann sa l ap di, Men sonje : Se jwe l ap jwe ! Li defye yo : kè l kontan ! Tankou tout ti moun siz an Li griyen dan Jèn, vye : Ansanm yo jwe, Ansanm yo pataje. Montre l yon kabòs, L ap reponn kakao. Montre vetivè, Li reponn : vetivè, Se yon plant ki pwoteje latè. Siz an l fèk fete Ayiti, li renmen l Li fyè, paske l konnen l Tankou yon ti moun siz An, ki soti Ayiti Men se lòt bò li grandi ! Gran moun, nou tout sezi ! Li rele Manman, Li rele Papa Ansanm Pou nou vini chita. Li di : pa enkyete w, Bagay sa ap enterese w. Voye « Tim tim ! » L ap reponn : « Bwa sèk ! » Se siz an li genyen : Pa manke l dega Oswa Se li menm k ap rakonte istwa a ! Li konnen Ti Pyè, Li konnen vetivè. Pase isit, l ap pase la. Pye mouye : li konnen pou ki sa. Li fyè : kè l kontan ! Li renmen paske l konnen Se yon konfimasyon Kreyòl se djondjon : Li leve kote l vle ! An nou pale kreyòl t