Accéder au contenu principal

Po bannann

Po bannann

https://youtu.be/2DCpZcEAnas

Art : @chevelin_illustration, 2016
https://www.instagram.com/p/BDyZ_RSJDyE
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106665_5c0eb712262f9f85d5e19b9112c67d26.jpg


Nan kafou sèlfi, bwè tafya, manje fritay
Gen madan Sara ak jwè domino sou yon wout lakay
Ti demwazèl vann fig ak lòt bagay
Tèt li dwèt, li mache ak anpil cham
Panye sou tèt, tèt sou zepol : a yay yay !

Biznis li a pa yon chay






Art : @chevelin_illustration, 2016
 https://www.instagram.com/p/BD3uNauJDwe
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106666_9bfb495dfa887972409415bbf8fd49c2.jpg


Nan lajounen depi grann maten
Yo tout kontre nan menm chimen
Ti Jan, yon minis k ap kabicha nan yon machin
Defiley, ki pral lekòl lavil
Konpè Belizè, k ap kalkile
Konbyen kòb k ap rete
Pi ta pou manje yon pate
Si depi koulye a se yon ti fig li achte






Art : @chevelin_illustration, 2016
 https://www.instagram.com/p/BEL0sf_JDx-/?utm_source=ig_web_share
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106667_ab215ea8e244ee708ca5318ba2535dce.jpg

- "Bonjou madan Sara, ki jan w ye ti cheri ?"
- "Bonjou Konpè, ou konnen : mwen la. E ou menm Belizè ? Toujou ap fè seksi ?"
Konpè Belizè souri :
- "Haha : pa manke m dega. M ta renmen yon fig tanpri."
- "Pran yon ti kasav, ak manba, mango, zaboka, zoranj, papi...(ta)"
- "Eskize m ti cheri
Ven kòb ak di goud se sèl sa m genyen jodi a.
M grangou, men m p ap mande ou kredi :
M konnen deja ou gen yon sòl ki ap kouri."





Art : @chevelin_illustration, 2016
 https://www.instagram.com/p/BE42x2ipD78/?utm_source=ig_web_share
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106668_25df8101c3d8b83a159dc8d3e9777a05.jpg


Pyès monnen yo tonbe nan men Sara : flip flap!
Demwazèl vire do l, li p ap fè bak.
Konpè Belizè achte yon fig : swip swap !
Se pa de grangou li grangou : li kale l tap tap !







Art : @chevelin_illustration, 2016
 https://www.instagram.com/p/BFNrmN8pDyj/?utm_source=ig_web_share
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106669_e5423e48ff6916c7637da135dc25cd1b.jpg

Bèl Kaprina vini,
Madan Jòj li ye, li sòti,
Epi
Sere fenmen machin li :
 Twi twi !
Konpè Belizè kite po bannann nan atè
San l pa menm gade
Moun yo k ap vini dèyè








Art : @chevelin_illustration, 2016
https://www.instagram.com/p/BGRGHADpDzY/?utm_source=ig_web_share
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106670_35ed8fc08adacca4f5d4b5a1212c0c84.jpg

Anmwe ! Mezanmi !
Lisyen ki renmen file bèl fi seksi
Gade manzèl Kaprina tankou yon potovi :
De zye l yo dri.
Ti fi a glise, rele, manke mouri !
Epi
Po bannann nan pa menm fè yon bri







Art : @chevelin_illustration, 2016
https://www.instagram.com/p/BGr03AepDyg/?utm_source=ig_web_share
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106671_6fb1b56bbb0cdfd9ff450446a51f4cb7.jpg

Bow !
Kaprina ! Lisyen ! Tout pye yo anlè !
Po bannann ak tout bonda yo ap siye atè :
Kaprina devan, Lisyen dèyè.
Yon loto manke kraze yo,
Men chofè Woulib vire volan sou kote ba yo







Art : @chevelin_illustration, 2016
https://www.instagram.com/p/BG8REnZJD4I/?utm_source=ig_web_share
https://kenyatalk.s3.amazonaws.com/2016/06/106672_1cb5e71dc1db40a81ba150f1c6585629.jpg


Nan rayisans nan rayisans nèt
Chofè Woulib, Karl, Ti Djo ak tout patnè
Ap joure ti jèn jan ki atè :
Yo pa fè dèt !
Tim tim ! Baz fwonte
Mete palmis nan fas Bondye !
Kaprina ak Lisyen tou rete lage
Tankou de kokobe.
Machin la, se ale li ale
Tèt chofè Woulib tounen, se vire li vire
Tankou po bannann nan soulye,
De grenn zye l pa mande rete :
Se twaze li twaze







Art : @chevelin_illustration, 2016 
https://www.instagram.com/p/BHEGEQVgMAo/?utm_source=ig_web_share
https://www.facebook.com/389878191038380/photos/a.1362005077159015.1073741877.389878191038380/1433240783368777/?type=3&theater


Lisyen di : "Pa enkyete ou, non Madanm."
Estefan tonbe nan joure : "Malfèktè ? Miyann !
Bann egare, bann ravèt, bann ...
Yo konnen yo pi mal pase towo ki pral sal savann"
Kaprina konnen dan pouri gen fòs sou bannann mi.
Li te gen kè sote, men koulye a Kaprina sezi !









Art : @chevelin_illustration, 2016
https://www.instagram.com/p/BIBw00UgziS/?utm_source=ig_web_share
http://www.pictame.com/user/chevelinpierre/412019331/1331596581384559810_412019331

Bim !
Nan Woulib !
Blokotom blow !
Yon kamyònèt mete pou yo !
Zaboka, fig, fanm, gason
Tout chay la gaye tankou yon
Dal marengwen nan lapli kal pwason








Art : @chevelin_illustration, 2016
https://chevelin.artstation.com/projects/1vVxX

Tèt chaje !
Lafimen a monte !
Mari Chimèn, Lisya, Estè,
Jan, Modèt, Estefan, Ti Pyè
Tout moun alawonnbadè
Kouri vini gade
Nan lari sa k ap pase
"Ayi mesyedam : veye !
Pran konsyans kote ou mache"
Kriye
Ti po bannann ki atè
Tou rete rete



****************
Kredi :

Artis : Chevelin Pierre, Chevelin Illustration, 2016
Otè tèks la : Wozni BLANKA (Roseny BLANCA), avril 2018
                    https://soundcloud.com/voyageonslocal/enspirasyon-po-bannann
                    Dat dènye korèksyon - 06/10/2020 - Wozni BLANKA (Roseny BLANCA)

****************


Mèsi anpil "Chevelin" pou tout bèl zèv ou yo !

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Masterclass

Séance d'apprentissage personnalisée An n dekouvri ak pwogrese ansanb ! Voici un exemple / Men yon egzanp : Réservez vos séances / Kite m konnen : VoyageonsLocal@gmail.com pour plus d'information sur Roseny Blanca / fè plis konesans ak Wozni BLANKA #VoyageonsLocal quelques mots et le voyage commence !

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : en Italie, cet ingrédient sert à préparer la p...

Nan zòn

Apenn jou koumanse louvri De zye l yo dri Li pa gen tan pou l pèdi Se travay ak kouray pou fè seksi Talè a li gen randevou Ak yon demwazèl tankou l Medam yo pare, yo fin kòdjòm Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo pral kraze yon zòn Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo anfòm Kèk lougawou kache dèyè mòn, Nan randevou lanmou ak pye mango ki djanm. Medam yo menm chita pale ak tout moun. Jèn, vye, Madan Sara, kòdonye, Bòs, chofè : de moun sa yo rete ak tout moun. Pran bon plezi nan lemonn : Koute mizik, voye blag, kite telefòn Pran bon plezi, griyen dan, manje griyo, pikliz ak diri jòn Apenn jou louvri Solèy la kale nou wi ! Tout zye nou dri Jodiya nou tout zanmi Mennaj, bouzen, Ti razè, kaka kleren, Nou tout zanmi Ansanb nou pran plezi Otè : Roseny BLANCA Lè : Jyen 2018 Foto : https://flic.kr/p/EKG1RV

Pourquoi parler créole aujourd'hui ?

Oui, pourquoi apprendre le créole ? pour quoi étudier cette langue ? Y a-t-il un intérêt ? social ? commercial ? fondamental ? Est-ce utile d'apprendre le créole ?  On pourrait répondre que la Caraïbe et les Antilles ont déjà l'Anglais, le Français, le Portugais et ou l'Espagnol. Les populations pourraient ainsi échanger en Anglais la première langue commerciale ou avec l'Espagnol qui est l'une des langues maternelles comprenant le plus de locuteurs. Et puis le créole suit-il un système régulier ? un alphabet ? quid des régionalismes ? QQOCQP = Qui ? Quoi ? Où ? Comment ? Quand ? Pourquoi ?   créole ? langue ? kézako ? Regardons quelques définitions     Langue Système de signes vocaux et/ou graphiques, conventionnels, utilisé par un groupe d'individus pour l'expression du mental et la communication.  On identifie notamment les langues vivantes, nationales, artificielles, nat...

Bienvenue ! Welcome ! Onè respè !

Que le voyage commence ! Parfois on peut parcourir des milliers de kilomètres, se retrouver à l'autre bout du monde et pour autant rester sur ses habitudes, se figer, se cantonner à son quotidien voire se fermer à la découverte d'autre chose, de l'autre, ou à toute alternative. De quoi a-t-on besoin pour voyager ? pour ressentir le voyage ? pour profiter de ce voyage ?   Saluez vos hôtes avec le "bonjour" local ! Le voyage commence par des mots, un état d'esprit, une philosophie voire même un projet. "VoyageonsLocal" est ainsi né de ce constat : se déplacer est louable, et ressentir son voyage est incomparable, car avec quelques mots le voyage commence même en local et même à l'oral. Rien que de saluer nos hôtes avec le "bonjour" local ! Cet acte si simple et si anodin est votre passeport moral de voyage. Vous confirmez votre ouverture à cette terre d'accueil, sa population, sa culture, son quotidien, son histoire. ...