Accéder au contenu principal

Egzanp

Bayakou se yon fyète
Pou tout moun, yo gen respè
Nou rele yo pou afè dlo sal ak lasante
E tout kote yo pase, yo fè pwòpte

Bayakou se yon kado
Lè nou reflechi, nou tout bezwen yo !
Pa gen pèsòn ki pa fè poupou, ki pa fè popo
Oswa nou t a tout fè vwèl pou peyi san chapo

Bayakou se yon sous lò
Yo jwèn plis pase lòt bò
Pitit yo pa rete an deyò
Men aprann lekòl pou yo vini fò

Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay
Pran plezi, fè kòb, gen yon tan pou tout bagay
Chita pa bay : ou ranje kay w anvan gen loray.
Yo pa rantre nan tripotay, nan lavil tankou non kanpay
Yo fè anpil pou nou. Men, yo twò rete nan lonbray

Bayakou se yon egzanp
Yo fè kòb, yo swe, yo gen tranp
Se pa sèl « bwè, manje, jète » :  yo fè rant
Lavi a rèd, e lavni yo gen bon sant

Bayakou se pwoteksyon
Yon travay pou ajoute nan dividal anbisyon n
Ekonomi bag, plantasyon, Anviwònman, pwogrè lanasyon
Nan men bayakou gen bèl lorizon

Commentaires