Accéder au contenu principal

Reponn

Reponn





Zye kontre, manti kaba :
Ou ap twaze m tankou yon lwa
Menm nan fè nwa
Gen yon reflè nan miwa a

Ki sa m ap kite dèyè m ?
Ki sa mwen ye ?

Ki panse m ap kite dèyè m ?
Ki moun mwen ye ?

Ki bonnè m ap kite ?
Ki malè m ap mennen ?
Lage yon dra blan
Pa tonbe nan jouman
Pran plezi, griyen dan,
 sonje mwen ak kè kontan

Ou menm ki rete :
Reponn,
Di m ki moun mwen ye.
Sèl se sèl yon moun ki ta reponn ?
Sèl se sèl yon moun ki kapab reponn ?
Sèl se sèl yon moun ki ta sipoze reponn ?
Es yon moun menm ta dwe reponn ?


Ki sa m kite dèyè mwen ?
Miwa pwòp tèt mwen ?
Ki sa m kite ou konnen sou mwen ?
Ki moun mwen ye ?
Ki listwa mwen genyen ?
Ki sekrè m ap mennen ?

Nan mitan zye
Nan fon kè
Nan mitan panse
Nan sim laverite


Griyen dan pa di zanmi pou sa
Pale franse san pa gen lespri pou sa

Makak pa jwe ak tig
Kouto konnen sa ki genyen nan kè fig
Zanmi, fanmi :
Ou pli mal pase jounalis !
Fanmi, zanmi :
Lang ou file tankou flèch palmis !

Ki sa m kite dèyè mwen ?
Miwa pwòp tèt mwen ?
Ki sa m kite ou konnen sou mwen ?
Sèl se sèl yon moun ki kapab reponn ?
Sèl se sèl yon moun ki ta sipoze reponn ?
Es yon moun ta menm dwe reponn ?



ð  Kredi pou otè yo
Tèks : Roseny BLANCA
Foto : carac3
(https://flic.kr/p/9LjasC)

Commentaires