Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du juillet, 2018

Bebe m ap bwè w

Ou fè m sou M damou pou w : Chak fwa m wè w ! Bouch mwen ap fè dlo Tèt mwen vire : ou ban'm cho ! M renmen ti lodè w Ou pa p fè ti bebe avè m Ou pa janm rete bèbè avè m Chanpay, wonm, kleren, Tafya, byè, diven, Nou tout gen yon plas nan kè mwen : Ou konnen ? (An afè lasante, pinga nou bwè twòp tafya)

Pitit ou parèt

Lavi a parèt, e li kontinye wout li Yon timoun nan yon pousèt Yon granmoun k ap souse dwèt Lavi a parèt, pa gen plas sèlman pou souvni Jounen yo pase Desizyon yo tonbe Lavi a parèt, annou kontinye avè li Annou genyen yon lo pitit ! Biznis, ti gason, ti fi Penti, pwezi, skilti Annou genyen yon lo pitit Annou mache nan yon dal konbit Annou koumanse piti Annou koumanse gran Lavi a parèt : nou p ap janm pèdi tan Kouri Tap-Tap : nou p ap janm pèdi tan Kè pran pòz : nou p ap janm pèdi tan Sèl se sèl plezi pou nou pran Annou mache-mache ak kè kontan Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/dbJASw