Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du juin, 2018

Ou sikre

Se pa de sikre w sikre M ap chita nan pye w Se pa de pike w pike Sa rèd lè m vle manyen ou Se pa de gou w gou Lè m kenbe w, m pa mande rete Men gwosè w ! Ou gen dlo tout kote Mèsi anpil zannanna pou tout kalite w Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/kielozar/5554881773/

panse nan di me de mil dizwit

Nou mete lòd Nou kreye ak dezòd Gwo jou dimanch  nou konn ranje kay Nan simenn li simanyen :  Li gen vi, ak anpil cham Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/qJFZHN

Tande nou tande

Ow?! Ki sa sa ye la ? Ki sa m tande ? Ès yon moun ki ap pataje Yon mizik li vle lòt moun pou koute ? Do pou kont li, vle li pa vle rete !? Do se lamas apresye li apresye ? Pou fanm kou gason, se respe li gen respe ? Jenn kou vye, se montre li vle montre ? Long tankou pye kout Touris tankou abitye ki konn wout Nou tout Sa yo ki chita, tankou sa yo ki doubout Nou tout ! Nan nou genyen ki abitye Oblije ! Nan nou genyen ki apresye Oblije ! Men bòs mizik, sonje Gen lòt yo ki gentan bouke Wi ti chéri, sonje Gen lòt nèg nan menm kote Pou moun sa yo kisa ki rete ? Wi ti cheri, sonje Se oblije ou oblije yo koute Menm lò yo pa vle Tèks : Roseny BLANCA Foto : byè nwè nan "Amsterdam"

Li gen tout mo

Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Li di sa l vle Li konnen ki sa li renmen Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Li souri, li pa nan pale franse Li renmen sa li wè Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Pa genyen fitilite Nan mo li itilize Li gen tout mo yon "koupe pa rele" San rete Li mete men'l kote li vle San rete Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Nan telefòn li pa rete Rete chita pale Li pa konnen Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Okenn womans, okenn fitilite Nèg sa a pa nan pale franse Ayi Bondye ! Tèt mwen vire Li gen tout mo yon "koupe pa rele" ! Se sou sa a li ye Se koupe li vle koupe Li gen tout mo yon "koupe pa rele" Kounouyea ki sa pou m fe ? Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/midianinja/26481047869/

Nan zòn

Apenn jou koumanse louvri De zye l yo dri Li pa gen tan pou l pèdi Se travay ak kouray pou fè seksi Talè a li gen randevou Ak yon demwazèl tankou l Medam yo pare, yo fin kòdjòm Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo pral kraze yon zòn Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo anfòm Kèk lougawou kache dèyè mòn, Nan randevou lanmou ak pye mango ki djanm. Medam yo menm chita pale ak tout moun. Jèn, vye, Madan Sara, kòdonye, Bòs, chofè : de moun sa yo rete ak tout moun. Pran bon plezi nan lemonn : Koute mizik, voye blag, kite telefòn Pran bon plezi, griyen dan, manje griyo, pikliz ak diri jòn Apenn jou louvri Solèy la kale nou wi ! Tout zye nou dri Jodiya nou tout zanmi Mennaj, bouzen, Ti razè, kaka kleren, Nou tout zanmi Ansanb nou pran plezi Otè : Roseny BLANCA Lè : Jyen 2018 Foto : https://flic.kr/p/EKG1RV