Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du août, 2022

Koripsyon

  Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Nou konn tande : " leta, leta, leta, se fòt leta ! " men chak moun dwe pran pwòp responsabilite pa yo Nou fè leta, nou tout se leta Nou genyen enterè nan leta Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Lè gen malfektè k ap vann, Konnen gen moun parèy yo ki achte. Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Se sòt ki bay, enbesil ki pa pran Se mank edikasyon ki pi degoutan Men sak vid pa kanpe Se pa lè w nwaye w aprann naje Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Leta mèt ekri yon pakèt tèks lwa Men konsome bay Se konsomatè k gen pouvwa Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou