Accéder au contenu principal

Nan zòn





Apenn jou koumanse louvri
De zye l yo dri
Li pa gen tan pou l pèdi
Se travay ak kouray pou fè seksi

Talè a li gen randevou
Ak yon demwazèl tankou l
Medam yo pare, yo fin kòdjòm
Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn
De medam yo pral kraze yon zòn
Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn
De medam yo anfòm

Kèk lougawou kache dèyè mòn,
Nan randevou lanmou ak pye mango ki djanm.
Medam yo menm chita pale ak tout moun.
Jèn, vye,
Madan Sara, kòdonye,
Bòs, chofè :
de moun sa yo rete ak tout moun.
Pran bon plezi nan lemonn :
Koute mizik, voye blag, kite telefòn
Pran bon plezi, griyen dan, manje griyo, pikliz ak diri jòn

Apenn jou louvri
Solèy la kale nou wi !
Tout zye nou dri
Jodiya nou tout zanmi
Mennaj, bouzen,
Ti razè, kaka kleren,
Nou tout zanmi
Ansanb nou pran plezi


Otè : Roseny BLANCA
Lè : Jyen 2018
Foto : https://flic.kr/p/EKG1RV

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : pop corn 👉🏾 TAP TAP (FR) Camionette ...

Tim-Tim mele mele ak lòt ti jwèt dijital yo ( pwovèb, lasisin, bèbè, kèsyon-repons, Defi djondjon )

Isi a w ap jwenn plizyè ti jwèt dijital tankou : # Tim tim mele mele,  # Pawoli ak pwovèb,  # Lasisin bèbè ak pawoli,  # Tim tim ! Bwa sèk !  # epi kèsyon repons ak kèk resous ekonomik.  An nou pran plezi epi fè yon dal foto pou nou sonje bèl moman nou ap pase ! ***** Tim tim !        Bwa sèk ! ---> ki bòs tim tim ap jwenn yo tout ??? 🎓🥇🏆 🇭🇹 An nou mete yon ti lòd nan "tim tim mele mele" sa yo ! 🇲🇫 Lire chaque devinette à gauche puis retrouver la réponse correspondante située à droite : mettez de l'ordre dans ce casse-tête de devinettes ! 🇺🇸 Pair each riddle with its own clue ! A- Nou la pinga ou jete anyen ! AN- Ti tonton boukannen, ti tonton moulen ! B- Ti gason mele ! CH- Pli m fon, pli m bon ! D- Dwe vini, dwe pati, dwe rive ! ...... 1- Jakmèl ! 2- Tap tap ! 3- Choublak, lalo, kalalou ! 4- Mayi ! 5- Rasin vetivè ! Kèk esplikasyon ⏯️ **** Komande Diksy...