Aprezan
M pa t konn ki jan
Pou m pale avè w
M pa t konn ki jan
Pou m reyaji avè w
Ou pa t konn ki jan
Pou ou reyaji san kolè
Nou pa t konn ki jan
Esprime nou san movè san
M ta renmen remoute tan an
M ta mete m chita san pèdi tan
Pran bon konsey nan silo sajès :
M ta anjwa, kè m t ap kontan
Paske nou t ap toujou ansanm
Ankò aprezan
Kredi :
Tèks : Roseny BLANCA
Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/
Commentaires
Enregistrer un commentaire