Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du 2019

depi Lannwèl 2019 : SOUPLA MELE MELE ! #setdetable #placemats disponib sou Afrikrea.com

(creole version below) Les fêtes de fin d'année arrivent à grands pas.C'est LA période de l'année : difficile d'y échapper et même impossible à contourner. Aussi pour accompagner vos retrouvailles, offrez-vous un lot de " SOUPLA MELE MELE "   :  Jouez avec la Mer des Caraïbes, sa Géographie, le patrimoine d'Haïti. Redécouvrez l'alphabet. Sortez vos téléphones portables, prenez des selfies, scannez un QRcode et défiez vos convives avec des mimes, un quizz, ou encore des devinettes Tim tim ! Bwa sèk ! Réunissez tout le monde autour de vous sans distinction d'âges ou même d'origine socioculturelle : petits, aînés, fanatik kreyòl, ou outsiders, chacun.e passera un agréable moment avec ces sets de table interactifs, lavables à l'eau et réutilisables à l'infini. Grand modèle - 420 x 297 mm : 4€ Format standard - 297 x 210 mm : 2€ (livraison gratuite) Offrez-vous un lot ! Of

LasisinBox : an nou komande yon dividal pwodui ki valorize Ayiti ak richès li yo !

Manba ? Papita ? Desoupla ? Kasav ? Pa rete tann ankò ! Vini komande yo ak LasisinBOX ! ⇓ * Bwè twò konn danjere pou lasante : bwè tafya ak kontwòl * Produits typiques d'Haïti : les potentialités économiques                           ***** Lè nou pataje yon LasisinBOX, nou gen dwa fè ti aktivite tou.  Nou mèt voye yon kout je nan " VoyageonsLocal : kèk atelye nan yon dezyèm rekèy ".  Kidonk men pou nou de/twa videyo, ou mèt itilize pandan yon atelye ! Quelques vidéos à utiliser pendant un atelier ! Some videos for your meetings ! Dimanch 10 me -  https://www.youtube.com/watch?v=hE8tZUrbyI4 Dimanch 3 me 2020 -  https://www.youtube.com/watch?v=_zToVkviaFE Bwat zouti -  https://www.youtube.com/watch?v=OIacsnfS-TA Tim tim ! Bwa sèk ! - https://www.youtube.com/watch?v=yF0J2HQ1bVg Medsin fèy -  https://youtu.be/VYw20488Fnw  

MWA KREYÒL 2019

✓  Samdi 28 (vennuit) septanm pou " istwa ti Zo ak ti Lona "  # 6ème Festival des langues et des cultures d'Avon Remerciements au Conseil Municipal des associations et de la petite enfance représenté par Amina BACAR, adjointe au Maire Couverture média par DVIBTV https://www.facebook.com/dvibtv77/photos/a.2427498337538822/2427562607532395/?type=3&theater (yon ti estrè videyo nan 11:32)  https://youtu.be/aBQDMD_wJd4?t=692 # Portes ouvertes de l'Espace Nelson Mandela pour la Mairie  d'Épinay-sur-Seine ✓  Madi 1e / premye oktòb ✓  Mèkredi 2 / de oktòb ✓  Jedi 3 / trwa oktòb ✓ Vandredi 4 (kat) oktòb       Lekti piblik ak KayFritay #1 Annou fete MWA KREYÒL 2019 ! Devinettes , poèmes contemporains,  chansons populaires  et autres gourmandises vous attendent tous les vendredis du mois d'octobre dès 21h au  foodtruck @kayfritay 2 Avenue du Général de Gaulle 93170 Bagnolet Métro 3 - Gallieni Après l'entrée du centre commer

à temps ...

Un soir, un matin, un instant : Y a-t-il une heure pour vivre un beau moment ? Un soir, un matin, un instant : Des autres, on se nourrit, on apprend Un soir, un matin, un instant : On partage en grand Le plaisir des mots à cueillir, mûrir, puis offrir La salvation des maux dans les rires. Un soir, un matin, un instant : En bavardant, en courant, en marchant, Ce qui compte vraiment Reste tout simplement L'instant présent ...avec de la concurrence en toute bienveillance pour fermer les rangs - Roseny BLANCA, juillet 2018

Istwa Ti Zo ak Ti Lona (vèsyon dijital)

Granmoun, timoun, pitit pitit, jèn, vye, tout moun alawonnbadè vini pran bon plezi : "istwa Ti Zo ak Ti Lona" se pou ou li ye - [Français] L'aventure de Ti Zo et de Ti Lona écrite en créole Haïtien se partage entre petits et grands - [English] Let's have fun and find out in haitian creole what happen to Ti Zo and Ti Lona. Istwa Ti Zo ak Ti Lona - Prentan 2019 Retrouvez toutes les publications sur Calaméo Lekti yon estrè : Chante yo disponib sou blòg la tou : pije isi a !

Randevou nan Soundcloud !

Panama mwen tonbe, Ankouraje mwen, Fiyèt Lalo ak lòt ti chante peyizan  ap tann nou isi a ! Nou mèt rele yo "comptine", "chante timoun", "lullaby" oswa yon lòt bagay ankò, yo toujou genyen menm fonksyon : makonnen moun, depi ou tou piti jis ou fin gran moun ! Ou mèt etranje, ou mèt natifnatal, ou mèt dyaspora, se pran plezi pou ou pran plezi ! Epi nou genyen konfimasyon sa a nan liv dijital la " Istwa ti Zo ak ti Lona " tou ! https://www.soundcloud.com/VoyageonsLocal Ankouraje mwen : https://voyageonslocal.blogspot.com/2022/02/ankouraje-mwen.html Fiyèt lalo : https://voyageonslocal.blogspot.com/2022/01/fiyet-lalo.html Jodi a se fèt ou : Panama mwen tonbe : Tonton Bouki : https://voyageonslocal.blogspot.com/2021/09/pouvwa.html Wangòl O : 

VoyageonsLocal : yon premye rekèy

Recueil de textes contemporains écrits par Roseny BLANCA Venez participer au projet : "Lekti ak yon dividal vwa" Chaque groupe de travail reçoit / choisit un texte qui sera interprété et récité en public lors d'un événement final filmé. Les séances de préparation sont hebdomadaires : lors de rencontre en physique, ou encore via skype voire whatsapp. Ensuite les bandes son sont conservées afin de constituer un recueil sonore ===> voyageonslocal@gmail.com *************** Yon Premye Liv Trapèz Lire la publication sur Calaméo *************** VoyageonsLocal : le livre CD voire le ***Livre Vinyl*** ? papier recyclé et costaud, sans ajout de produit chimique pas de grume vierge ? couverture cartonnée ou autre matériau recyclé Application pour écoute des audios : un code disponible dans le livre et utilisable par cinq machines différentes (ordinateur, smartphone, tablette, ...) QRcode à flasher ? ou un QRcode renvoyant vers l'aud

Lwa Plank

  Se pa de ploge yo ploge : Youn ak lòt se graje yo graje ! Se pa de ploge yo ploge : Youn ak lòt : moun sa yo pa kras ! Se pa de danse yo danse : Youn ak lòt se vibre yo vibre ! Youn ak lòt se briye yo briye ! Mas pèdi nan lamas. Anbyans la cho Manje kwit pa gen mèt : Mas la cho, Lwa plank pa fè dèt ! Nou pa wè yo Souke, briye, foubi, Pli mal pase yon moun ki ap foubi yon chodyè Souke, briye, foubi Retire tout kras Tankou nan chann Mas Mas pa wè lamas ! Anbyans la cho Nou pa wè yo Se pa de briye yo briye : Youn ak lòt se pa de danse yo danse ! https://soundcloud.com/voyageonslocal/lwa-plank Kredi foto a : > « h » avec Autodraw.com    >  Oiluj Samall Zeid Tardes agitadas :: Parámetros :: Fuji FinePix SL1000 ; ISO 100; 0 ev; f 9; 1/2 s; 5 mm Fuji Lens. HSM. Título :: Tardes agitadas :: Fecha::: 2017/01/02 19:26 https://www.flickr.com/photos/92799712@N04/32155958972/

Fòs isi a

Annou eseye : n ap vini pi fò ansan b Ti moman senp Ti moman nan konfyans Nou pa nan rans N'ap eseye N'ap pataje Bliye rayisans Bliye manigans Annou jwe ansanb Annou bwè kleren Annou pran konsyans Timoun, fanm, jèn, vye Ble, wouj Long, kout isi oswa la Ni lajounen Ni nan fè nwa Ti moman senp Ti moman nan konfyans Annou eseye : N ap vini pi fò ansanb. VoyageonsLocal : yon dezyèm liv ak yon lis atelye ISBN 9791034316335

An nou...

Pran plezi lè n ap travay Pran plezi lè nou rantre lakay Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi lè nou mache nan lari Bwè ak zanmi manje ak fanmi Koupe ti cheri Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi nan menaj Vwazinaj se dra blan Rayi chyen men di dan'l blan yon lè pou timoun fwonte, yon lòt pou timoun byen saj Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi triye fatra Lajan pa swiv kòbiya Pran plezi koute istwa Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi vwayaje ak dekouvri lòt kilti Pran plezi Pran plezi Pran plezi

Gaye

Gaye Mete yon ti dezòd Jounen ou a gaye Anyen pa gen sans Minit yo ap pase : Pa bay yo enpòtans Kounouyea, Nan tèt ou gen lòd Pinga ou panse : Jodiya reve ! Ou mèt eseye Ou gen libète. Lè w vle reyisi, Se lè w chwazi : Mete yon ti dezòd. https://VoyageonsLocal.blogspot.com

Nan betiz

Nan betiz Ki sa nou konprann ? Ki sa nou vle ? Moun sa yo se chante yo chante Gen yon pakèt ki renmen ki koute Gen lòt ankò se kritike yo kritike Ki sa nou konprann ? Ki sa nou vle ? Oswa l'ap chante yon pakèt vye tenten Oswa fannatik pa wè yo nan zen ! Oswa se yon artis, Kote lòt yo sèl wè biznis Moun sa yo konnen tout mye pase tout moun ? Oswa yo menm menm se zouzoun ? Yo di "Se pase l'ap pase ou nan manti" Moun sa yo, se franse yo pale franse : e yo vle bay tèt nou manti Ki sa nou konprann ? Ki sa nou vle ? Moun sa yo se chante yo chante Genyen se kritike yo kitrike. Men sonje : Gen yon pakèt ki renmen ki koute

Arebò kreye

Pran yon fèy papye Ekri nan mitan, ekri tout kote : Aprezan, arebò ak mitan an Mèt kontre ! Fè'l kouri katvendi degre Pou'l poze Nan medyann fèy papye : Somè nan twa ka, Mwatye longè a nan ang dwa. Pliye ! Kouzen some opoze, Mete'l nan menm zen : pliye ! Pran yon pwent some ki pòko jwe Mete mwatye longè a nan fas twa ka lajè a : Pliye ! Arebò kontre ! Kouzen some opoze, Mete'l nan menm zen : pliye ! Arebò kontre ! Kounouyea se sèl de pwent ki rete : Gen lòt arebò ki pral kontre ! Mèsi arebò ! Avè ou nou kreye ! Kenbe ti pwent, Gade ti twou, Epi fè'l plonje ! Pliye ! Tounen vire ! Kenbe ti pwent, Gade ti twou, Epi fè'l plonje ! Pliye ! Mèsi arebò ! Avè ou nou fèk kreye Jodiya se yon kourye Talè a yon liv, yon tap-tap, yon flè nou pliye Demen : nou mèt reve Kounouyea mete yon tenb, yon adrès epi voye Mèsi arebò : avè ou, nou reve !