Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles associés au libellé création originale

Koripsyon

  Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Nou konn tande : " leta, leta, leta, se fòt leta ! " men chak moun dwe pran pwòp responsabilite pa yo Nou fè leta, nou tout se leta Nou genyen enterè nan leta Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Lè gen malfektè k ap vann, Konnen gen moun parèy yo ki achte. Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Se sòt ki bay, enbesil ki pa pran Se mank edikasyon ki pi degoutan Men sak vid pa kanpe Se pa lè w nwaye w aprann naje Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Leta mèt ekri yon pakèt tèks lwa Men konsome bay Se konsomatè k gen pouvwa Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou...

Rezilta

  " Èd sa kraze peyi a" :      Ki jan nou konprann sa ?     Èd toujou itil youn     Oswa plizyè moun :     Yon dal menm mèt bennefisye,     men ki kalite rezilta nou vle ? " Peyi nou, pitit nou "     Men ki kalite dyaspora m ye ?     Ki jan m montre l m renmen l ?     Ki lè m ap bay li konfyans mwen ?     Ki wòl m ap jwe nan lavni li a ? " Peyi nou, machin nou "     Jete dlo nan radyatè a, mache yon ti tan sèlman :     Pito n mete luil nan motè     Pase grès nan chèn transmisyon     Chaje rezèvwa l ak yon galon esans " Peyi nou, moun parèy nou "     An n mete men     An n itilize chay nou a     An n bay li valè     An n respekte l     An n aprann konnen l     An n pale avè l     An n fè komès avè l " Èd sa kraze peyi a" :      Ki sa k fè sa ?     Èd toujou...

Ti flè a

 🌺Yon ti flè ki ap boujonnen ? . Yon boujon ki ap fleri !🌺 🌺M ap tann li tankou tè sèk ap tann lapli ! . Jodi a li la e m byen kontan wè li 🌺 Otè : Wozni BLANKA

Anrepo

Si w pa bezwen m Kite m anrepo. Si w mande pou mwen Itilize m. Si w vini chache m Fè yon bagay itil avè m : Itilize m. Pa pran pòz nou grangou avè m, Si se gaspiye  N ap gaspiye m : Kite m anrepo. Pinga ou kite m  Pran pousyè Kenbe m byen djanm Pa kite m  La ki ap gaspiye Lè w fini avè m, Kite m anrepo Yon lòt moun  Ap bezwen m Kite m anrepo Yon lòt moun  Mèt sèvi avè m Kite m anrepo Nou mèt fè konpòs avè m Pinga ou jete jete m M mèt itil pou latè Pinga ou kite m  Ki ap gaspiye

Tèt nèg

Lè w aprann yon lang, Fè èrè pou w konprann Fè èrè pou w bay plis valè Eseye. Fè èrè. Pa rete ap tann : Oswa ou reyisi, oswa ou aprann. Okazyon sa a se tèt nèg ! An nou sonje An nou kite moun yo fè èrè An nou sonje An nou pwogrese Eseye. Fè èrè. Pa rete ap tann : Oswa ou reyisi, oswa nou aprann Anbisyon touye rat Lè w kapab anbisyon bay ! Eseye, Tounen kapab Epi reyisi Okazyon sa a se tèt nèg ! Lè nou aprann, An nou fè èrè pou nou konprann An nou eseye An nou vanse vanse san rete

à temps ...

Un soir, un matin, un instant : Y a-t-il une heure pour vivre un beau moment ? Un soir, un matin, un instant : Des autres, on se nourrit, on apprend Un soir, un matin, un instant : On partage en grand Le plaisir des mots à cueillir, mûrir, puis offrir La salvation des maux dans les rires. Un soir, un matin, un instant : En bavardant, en courant, en marchant, Ce qui compte vraiment Reste tout simplement L'instant présent ...avec de la concurrence en toute bienveillance pour fermer les rangs - Roseny BLANCA, juillet 2018

Lwa Plank

  Se pa de ploge yo ploge : Youn ak lòt se graje yo graje ! Se pa de ploge yo ploge : Youn ak lòt : moun sa yo pa kras ! Se pa de danse yo danse : Youn ak lòt se vibre yo vibre ! Youn ak lòt se briye yo briye ! Mas pèdi nan lamas. Anbyans la cho Manje kwit pa gen mèt : Mas la cho, Lwa plank pa fè dèt ! Nou pa wè yo Souke, briye, foubi, Pli mal pase yon moun ki ap foubi yon chodyè Souke, briye, foubi Retire tout kras Tankou nan chann Mas Mas pa wè lamas ! Anbyans la cho Nou pa wè yo Se pa de briye yo briye : Youn ak lòt se pa de danse yo danse ! https://soundcloud.com/voyageonslocal/lwa-plank Kredi foto a : > « h » avec Autodraw.com    >  Oiluj Samall Zeid Tardes agitadas :: Parámetros :: Fuji FinePix SL1000 ; ISO 100; 0 ev; f 9; 1/2 s; 5 mm Fuji Lens. HSM. Título :: Tardes agitadas :: Fecha::: 2017/01/02 19:26 https://www.flickr.com/photos/92799712@N04/32155958972/

Fòs isi a

Annou eseye : n ap vini pi fò ansan b Ti moman senp Ti moman nan konfyans Nou pa nan rans N'ap eseye N'ap pataje Bliye rayisans Bliye manigans Annou jwe ansanb Annou bwè kleren Annou pran konsyans Timoun, fanm, jèn, vye Ble, wouj Long, kout isi oswa la Ni lajounen Ni nan fè nwa Ti moman senp Ti moman nan konfyans Annou eseye : N ap vini pi fò ansanb. VoyageonsLocal : yon dezyèm liv ak yon lis atelye ISBN 9791034316335

An nou...

Pran plezi lè n ap travay Pran plezi lè nou rantre lakay Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi lè nou mache nan lari Bwè ak zanmi manje ak fanmi Koupe ti cheri Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi nan menaj Vwazinaj se dra blan Rayi chyen men di dan'l blan yon lè pou timoun fwonte, yon lòt pou timoun byen saj Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi triye fatra Lajan pa swiv kòbiya Pran plezi koute istwa Pran plezi Pran plezi Pran plezi Pran plezi vwayaje ak dekouvri lòt kilti Pran plezi Pran plezi Pran plezi

Gaye

Gaye Mete yon ti dezòd Jounen ou a gaye Anyen pa gen sans Minit yo ap pase : Pa bay yo enpòtans Kounouyea, Nan tèt ou gen lòd Pinga ou panse : Jodiya reve ! Ou mèt eseye Ou gen libète. Lè w vle reyisi, Se lè w chwazi : Mete yon ti dezòd. https://VoyageonsLocal.blogspot.com

Nan betiz

Nan betiz Ki sa nou konprann ? Ki sa nou vle ? Moun sa yo se chante yo chante Gen yon pakèt ki renmen ki koute Gen lòt ankò se kritike yo kritike Ki sa nou konprann ? Ki sa nou vle ? Oswa l'ap chante yon pakèt vye tenten Oswa fannatik pa wè yo nan zen ! Oswa se yon artis, Kote lòt yo sèl wè biznis Moun sa yo konnen tout mye pase tout moun ? Oswa yo menm menm se zouzoun ? Yo di "Se pase l'ap pase ou nan manti" Moun sa yo, se franse yo pale franse : e yo vle bay tèt nou manti Ki sa nou konprann ? Ki sa nou vle ? Moun sa yo se chante yo chante Genyen se kritike yo kitrike. Men sonje : Gen yon pakèt ki renmen ki koute

Arebò kreye

Pran yon fèy papye Ekri nan mitan, ekri tout kote : Aprezan, arebò ak mitan an Mèt kontre ! Fè'l kouri katvendi degre Pou'l poze Nan medyann fèy papye : Somè nan twa ka, Mwatye longè a nan ang dwa. Pliye ! Kouzen some opoze, Mete'l nan menm zen : pliye ! Pran yon pwent some ki pòko jwe Mete mwatye longè a nan fas twa ka lajè a : Pliye ! Arebò kontre ! Kouzen some opoze, Mete'l nan menm zen : pliye ! Arebò kontre ! Kounouyea se sèl de pwent ki rete : Gen lòt arebò ki pral kontre ! Mèsi arebò ! Avè ou nou kreye ! Kenbe ti pwent, Gade ti twou, Epi fè'l plonje ! Pliye ! Tounen vire ! Kenbe ti pwent, Gade ti twou, Epi fè'l plonje ! Pliye ! Mèsi arebò ! Avè ou nou fèk kreye Jodiya se yon kourye Talè a yon liv, yon tap-tap, yon flè nou pliye Demen : nou mèt reve Kounouyea mete yon tenb, yon adrès epi voye Mèsi arebò : avè ou, nou reve !

kè kontan !

Ou fè kè m kontan ! Lò mwen voye TimTim ! Ou Reponn "Bwa chèch!" Lò mwen montre ou vetivè Ou Reponn mwen "li pwoteje latè" Ou fè kè m kontan ! Ou fè kè m kontan ! Lò ou voye TimTim ! Ou fè kè m kontant ! Lò ou montre m jirof, kachiman, choublak ! Lò m montre ou pye mango pou randevou lanmou Lò ou konnen ki nwè detenn mil blan ! Lò ou pran plezi ak DiPi Lò ou pale an daki Se pa de kontan mwen kontan wi ! ===> Otè a : Roseny BLANCA

Espre

Se konsa li ye ou konnen l deja Li di ou sa deja Ou mèt reponn se espre li fè espre. Menm si ou rele li zouzoun, Li pa jwe ak moun. Menm si ou rele li zouzoun Li pa prale jwe ak moun Li  pa konnen non okenn moun, Menm si ou ta rele li Choukoun Lò nou genyen yon randevou : Vini anvan lè ! Li menm se ale li ale Menm si li kapab tann nou, Konnen li p ap rete Se konsa li ye Nou konnen l deja Li di nou sa deja Nou mèt reponn se espre li fè espre Pas se yon tren espres li ye ..... Tèks : Roseny BLANCA, aprè tren an fèk pati kite m nan Lond 😅 Kredi foto : Andy Nystrom - IMG_8551 - Burlington GO Station - westbound Lakeshore West train (GO Transit) arriving https://www.flickr.com/photos/24917258@N05/31578291295/

Avè l

Avè l nou konstrwi, nou reve, Papye sèvi anpil tout kote #VoyageonsLocal

Mwen renmen yo

Mwen renmen yo pou sa yo ye Papita ki gen plis gou fig pase gou sèl : Se koupe dwèt, mwen pa mande rete ! Salad, pikliz ak diri : Dekorasyon nan mitan vyann ? Se plis valè yo gen plis valè ! Frechè, pike, krokan : se koupe dwèt ! Dlo enfize ak frwi ! Te enfize tap-tap ! Yo pa gen lè : savè yo sibtil Ou mèt bwè yo tout jounen : yo itil ! Bwason sa a respekte tout manje nou manje. Se koupe dwèt : Mwen pa mande rete Mwen renmen yo pou sa yo ye ! Prepare zaboka, aranso ak mayi moulen. Fè lasisin ak Kann, chocola. Mete dyon-dyon, sòs pwa. Manje mango, zannanna Mwen renmen yo pou sa yo ye ! Se koupe dwèt : mwen pa mande rete ! Bwè kafe epi manje manba ak kasav Pran yon kout kleren, Pataje griyo ak bannann peze ren pou ren : Mwen renmen yo pou sa yo ye ! Se koupe dwèt : mwen pa mande rete ! Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/fD9KfU

Bebe m ap bwè w

Ou fè m sou M damou pou w : Chak fwa m wè w ! Bouch mwen ap fè dlo Tèt mwen vire : ou ban'm cho ! M renmen ti lodè w Ou pa p fè ti bebe avè m Ou pa janm rete bèbè avè m Chanpay, wonm, kleren, Tafya, byè, diven, Nou tout gen yon plas nan kè mwen : Ou konnen ? (An afè lasante, pinga nou bwè twòp tafya)

Pitit ou parèt

Lavi a parèt, e li kontinye wout li Yon timoun nan yon pousèt Yon granmoun k ap souse dwèt Lavi a parèt, pa gen plas sèlman pou souvni Jounen yo pase Desizyon yo tonbe Lavi a parèt, annou kontinye avè li Annou genyen yon lo pitit ! Biznis, ti gason, ti fi Penti, pwezi, skilti Annou genyen yon lo pitit Annou mache nan yon dal konbit Annou koumanse piti Annou koumanse gran Lavi a parèt : nou p ap janm pèdi tan Kouri Tap-Tap : nou p ap janm pèdi tan Kè pran pòz : nou p ap janm pèdi tan Sèl se sèl plezi pou nou pran Annou mache-mache ak kè kontan Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/dbJASw

Ou sikre

Se pa de sikre w sikre M ap chita nan pye w Se pa de pike w pike Sa rèd lè m vle manyen ou Se pa de gou w gou Lè m kenbe w, m pa mande rete Men gwosè w ! Ou gen dlo tout kote Mèsi anpil zannanna pou tout kalite w Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://www.flickr.com/photos/kielozar/5554881773/

panse nan di me de mil dizwit

Nou mete lòd Nou kreye ak dezòd Gwo jou dimanch  nou konn ranje kay Nan simenn li simanyen :  Li gen vi, ak anpil cham Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/qJFZHN