Accéder au contenu principal

Ou sikre



Se pa de sikre w sikre
M ap chita nan pye w
Se pa de pike w pike
Sa rèd lè m vle manyen ou
Se pa de gou w gou
Lè m kenbe w, m pa mande rete
Men gwosè w !
Ou gen dlo tout kote
Mèsi anpil zannanna pou tout kalite w

Tèks : Roseny BLANCA
Foto : https://www.flickr.com/photos/kielozar/5554881773/

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la

Bebe m ap bwè w

Ou fè m sou M damou pou w : Chak fwa m wè w ! Bouch mwen ap fè dlo Tèt mwen vire : ou ban'm cho ! M renmen ti lodè w Ou pa p fè ti bebe avè m Ou pa janm rete bèbè avè m Chanpay, wonm, kleren, Tafya, byè, diven, Nou tout gen yon plas nan kè mwen : Ou konnen ? (An afè lasante, pinga nou bwè twòp tafya)

Nan zòn

Apenn jou koumanse louvri De zye l yo dri Li pa gen tan pou l pèdi Se travay ak kouray pou fè seksi Talè a li gen randevou Ak yon demwazèl tankou l Medam yo pare, yo fin kòdjòm Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo pral kraze yon zòn Douvan dèyè dlo ap monte desann mòn De medam yo anfòm Kèk lougawou kache dèyè mòn, Nan randevou lanmou ak pye mango ki djanm. Medam yo menm chita pale ak tout moun. Jèn, vye, Madan Sara, kòdonye, Bòs, chofè : de moun sa yo rete ak tout moun. Pran bon plezi nan lemonn : Koute mizik, voye blag, kite telefòn Pran bon plezi, griyen dan, manje griyo, pikliz ak diri jòn Apenn jou louvri Solèy la kale nou wi ! Tout zye nou dri Jodiya nou tout zanmi Mennaj, bouzen, Ti razè, kaka kleren, Nou tout zanmi Ansanb nou pran plezi Otè : Roseny BLANCA Lè : Jyen 2018 Foto : https://flic.kr/p/EKG1RV

panse nan di me de mil dizwit

Nou mete lòd Nou kreye ak dezòd Gwo jou dimanch  nou konn ranje kay Nan simenn li simanyen :  Li gen vi, ak anpil cham Tèks : Roseny BLANCA Foto : https://flic.kr/p/qJFZHN

Aprezan

Aprezan M pa t konn ki jan Pou m pale avè w M pa t konn ki jan Pou m reyaji avè w Ou pa t konn ki jan Pou ou reyaji san kolè Nou pa t konn ki jan Esprime nou san movè san M ta renmen remoute tan an M ta mete m chita san pèdi tan Pran bon konsey nan silo sajès : M ta anjwa, kè m t ap kontan Paske nou t ap toujou ansanm Ankò aprezan Kredi : Tèks : Roseny BLANCA Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/