Accéder au contenu principal

Tande nou tande




Ow?!
Ki sa sa ye la ?
Ki sa m tande ?
Ès yon moun ki ap pataje
Yon mizik li vle lòt moun pou koute ?
Do pou kont li, vle li pa vle rete !?
Do se lamas apresye li apresye ?
Pou fanm kou gason, se respe li gen respe ?
Jenn kou vye, se montre li vle montre ?
Long tankou pye kout
Touris tankou abitye ki konn wout
Nou tout
Sa yo ki chita, tankou sa yo ki doubout
Nou tout !
Nan nou genyen ki abitye
Oblije !
Nan nou genyen ki apresye
Oblije !
Men bòs mizik, sonje
Gen lòt yo ki gentan bouke
Wi ti chéri, sonje
Gen lòt nèg nan menm kote
Pou moun sa yo kisa ki rete ?
Wi ti cheri, sonje
Se oblije ou oblije yo koute
Menm lò yo pa vle



Tèks : Roseny BLANCA
Foto : byè nwè nan "Amsterdam"

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la

An nou fè yon ti pale !

Au fil des discussions en français, retrouvez le retour d'expérience de divers.es invité.e.s quant à leur langue maternelle : Pran bon plezi ! https://anchor.fm/voyageonslocal   Vini kontre nou sou Spotify tou ! https://open.spotify.com/show/3Dwznb0PkDI2JHkoj9uOMG S4E5 -            - SEZON KAT EPIZÒD SENK * Jounen mondyal kreyòl 2022 * Kèk jwèt dijital nou jwenn sou VoyageonsLocal.blogspot.com * Preparasyon diri djon djon S4E3 -            - SEZON KAT EPIZÒD TWA * Pwogram televizyon pou timoun : @lakoukajou ( 14 minit ) * Kèk pwodui Ayiti : Vetivè, kasav, manba, chiklèt, mango, kann, kennèp S4E2 -            - SEZON KAT EPIZÒD DE : quelques mots et le voyage commence ! * Choublak : plante ornementale tropicale couramment appelée HIBUSCUS  * Ankouraje mwen : chante peyizan ki sòti nan sit entènèt Matenwa.org * Tim tim ! Bwa sèk ! => qu'est-ce qui résonne en faisant "ding ding" ? Deux bâtons de bois sec ! ________

Aprezan

Aprezan M pa t konn ki jan Pou m pale avè w M pa t konn ki jan Pou m reyaji avè w Ou pa t konn ki jan Pou ou reyaji san kolè Nou pa t konn ki jan Esprime nou san movè san M ta renmen remoute tan an M ta mete m chita san pèdi tan Pran bon konsey nan silo sajès : M ta anjwa, kè m t ap kontan Paske nou t ap toujou ansanm Ankò aprezan Kredi : Tèks : Roseny BLANCA Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/

Lavni beni

Lavni beni Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann pran plezi Pa janm sispann pale an daki Pa janm sispann reve je louvri Pa janm sispann renmen lavi Pa janm sispann aprann epi li Pa janm sispann koute epi ri Pa janm sispann chante, danse tankou yon kabrit Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann proteje lanati Pa janm sispann dekouvri lòt mèzi, lòt kilti Pa janm sispann kontre vrè zanmi Ansanm, ou mèt chita, oswa mache nan lari Pa janm sispann pran nouvèl fanmi Pa janm sispann kwè nan agrikilti Pa janm sispann dekouvri lòt kilti, lòt peyi Pa janm bliye kote ou sòti https://soundcloud.com/voyageonslocal/lavni-beni

Li kite chapo l

Zanmi m ale li kite chapo l Lè l fè fredi pi souvan Li pote youn detanzantan Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Nou menm nou sòti, nou griyen dan Dènye fwa nou kontre Nan trant jen nou te ye Nan Mize « Quais Branly » nou te promenne Nou dekouvri Amana ak Maori Nan « La Before » nou pran plezi Ou renmen Pari E ou renmen dekouvri lòt kilti Rete chita nou pa konn sa Nou mache, nou sòti nan galrida Pale anglè ak jouman san traka Griyen dan tout kote nou gen dwa Jis nou rantre nan fè nwa M sonje bèl moman nou pase Bon chokola nou manje Ak gwo ti ponch nou te goute M ta fè yo ankò pou w ta rete Men tan an ap kouri, ou ale Souvni yo rete Nou tris, tout figi nou plen dlo Zanmi nou ale pou peyi san chapo « Choky » al nan plaj