Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du 2017

Koulye a

Koulye a Aswè a An nou mache ti pa ti pa An nou chita An nou kabicha Kouly ea An nou voye alsiyis jis nan fè nwa Tim tim ! Ouvè wa, fenme wa ! Nou fè lasisin Ak ti Wa a ! Lannuit sa a An nou bwè bon tafya Ren pou ren nan chak djòl ki la. Sa bèl lè rive ti moman sa a : Li komanse ti istwa a.

Travayè

Travayè Pou ki sa yo chwazi sa ? Pou ki sa yo travay di kon sa ? Solèy pòko leve, yo pòte chay, yo swe Jounen yo rèd : se pa de mache yo mache, Jounen yo rèd : se pa de koube yo koube Lannuit, lajounen, Gwo chalè, gran fredi mèt brile zo yo Lannuit, lajounen, Yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Koute yo nan lari, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Nan transpò piblik, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Yo pran douvan, e yo fè jou louvri Bite tè a pa dous, Se rezilta a k pi gran resous Chak jounen yo gen yon sans Chak jou yo aprann e yo pran esperyans. Nenpòt kote yo ale, ni kote yo sòti se yon chans : Konbit yo se yon syans ! Piti kou gran gen enpòtans Tout ansanm yo pataje konpetans Men d èv bon mache ? Lè yo ale nou kontrarye ! Tout bòs se bòs, men tout bòs pa menm : Aprè yo pa gen lòt ! Yo la pou nasyon an vini fòt ! Bòs, Pechè, Bayakou, Peyizan : Koute yo k ap konte, yo griyen dan Koute yo k ap pataje, kè nou kontan ! https://pxhere.com/en

Ti tach koulè

Moun a Pari pi nwè pase nèg Soulye yo nwè Pantalon yo nwè Chemiz yo nwè Makout yo nwè Chapo, manto yo nwè Tout rad yo nwè Tout figi yo nwè Yo pi nwè pase nèg Tout nanm yo nwè Gras a Dye gen ti tach koulè ! Ti tach solèy ! Gade nan metwo oswa nan lari : Yo souri Yo di bonjou Yo konn mèsi Respè, Bonte, Dousè yo pa gen lè : Pari a reyisi ! foto : Kamilla Oliveira «In one of the rooms of the Yayoi Kusama exposition.» - https://flic.kr/p/ncn5L3 tèks : Roseny BLANCA

Li kite chapo l

Zanmi m ale li kite chapo l Lè l fè fredi pi souvan Li pote youn detanzantan Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Nou menm nou sòti, nou griyen dan Dènye fwa nou kontre Nan trant jen nou te ye Nan Mize « Quais Branly » nou te promenne Nou dekouvri Amana ak Maori Nan « La Before » nou pran plezi Ou renmen Pari E ou renmen dekouvri lòt kilti Rete chita nou pa konn sa Nou mache, nou sòti nan galrida Pale anglè ak jouman san traka Griyen dan tout kote nou gen dwa Jis nou rantre nan fè nwa M sonje bèl moman nou pase Bon chokola nou manje Ak gwo ti ponch nou te goute M ta fè yo ankò pou w ta rete Men tan an ap kouri, ou ale Souvni yo rete Nou tris, tout figi nou plen dlo Zanmi nou ale pou peyi san chapo « Choky » al nan plaj

Egzanp

Bayakou se yon fyète Pou tout moun, yo gen respè Nou rele yo pou afè dlo sal ak lasante E tout kote yo pase, yo fè pwòpte Bayakou se yon kado Lè nou reflechi, nou tout bezwen yo ! Pa gen pèsòn ki pa fè poupou, ki pa fè popo Oswa nou t a tout fè vwèl pou peyi san chapo Bayakou se yon sous lò Yo jwèn plis pase lòt bò Pitit yo pa rete an deyò Men aprann lekòl pou yo vini fò Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Pran plezi, fè kòb, gen yon tan pou tout bagay Chita pa bay : ou ranje kay w anvan gen loray. Yo pa rantre nan tripotay, nan lavil tankou non kanpay Yo fè anpil pou nou. Men, yo twò rete nan lonbray Bayakou se yon egzanp Yo fè kòb, yo swe, yo gen tranp Se pa sèl « bwè, manje, jète » :  yo fè rant Lavi a rèd, e lavni yo gen bon sant Bayakou se pwoteksyon Yon travay pou ajoute nan dividal anbisyon n Ekonomi bag, plantasyon, Anviwònman, pwogrè lanasyon Nan men bayakou gen bèl lorizon

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la

Bò kote m

Pou dat yo konnen, Li di l : «Wi doudou ! Ou damou, ou fou pou mwen Lanmou ou sere m, antòtye m Ou damou, ou fou pou mwen Wi doudou ! Cheri doudou : sanble ou timid ? Ou pa yon vye gason fwonte K ap simen pitit li tout kote Ou pran tan ou Lè ti trou a pare pou ou : Ou plante nan mwen. Lanne yo ap pase, Ou pa mande rete : Ou fouye m, lannuit kou lajounen Ou fouye m. Nannan mwen, ou pouse Tankou se fon zantray mwen w ap chache. Pa gen sezon, Ou fouye m, lannuit kou lajounen Ou fouye m. Nannan mwen, ou pouse Tankou se fon zantray mwen w ap chache Ou pa menm di ditou ! Pa gen okenn kay, ou pa ka bite m pi rèd ankò Ou t a fè menaj avè m tout kote ! Cheri Papa : pitit nou yo pouse, yo grandi Tim tim ! An n al chache Ti Pyè !  ...pitit sa sanble rive avan nou ! M renmen ti lodè w M ap swiv ou, k ap swiv mwen Ou rete avè m, menm lè m ap glise Avè ou, m santi konfyans ak lasante E tout vye ravèt yo fini danse Ou gen lespri, ou pa nan pale franse M gens chans krontre ou : se

Fred Edson LAFORTUNE : An n al Lazil

(extrait) Texte intégral disponible aux éditions Trilingual Press via www.tanbou.com

Lavni beni

Lavni beni Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann pran plezi Pa janm sispann pale an daki Pa janm sispann reve je louvri Pa janm sispann renmen lavi Pa janm sispann aprann epi li Pa janm sispann koute epi ri Pa janm sispann chante, danse tankou yon kabrit Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann proteje lanati Pa janm sispann dekouvri lòt mèzi, lòt kilti Pa janm sispann kontre vrè zanmi Ansanm, ou mèt chita, oswa mache nan lari Pa janm sispann pran nouvèl fanmi Pa janm sispann kwè nan agrikilti Pa janm sispann dekouvri lòt kilti, lòt peyi Pa janm bliye kote ou sòti https://soundcloud.com/voyageonslocal/lavni-beni

Tou rete rete

Tou rete rete ---- ( audio ) Lavi a dwól !  Konnen lè ou gen yon wòl !  Kite dlo sa a Ki fèk jete w la Demawe l ! Kite l ale  Se poze w poze Se ale li ale Vini bó kote mwen. Vini karese mwen. Vini touche mwen. Vini chita sou mwen. Vini poze w sou mwen. Vini lage w sou mwen. Vini lonje sou mwen. Vini nan mitan mwen. Vini ouvri kó w sou mwen. Vini melanje w avè m. Vini vlope w avè m. Vini fè youn avè m. Vini konpoze avè m. Koulye a, ou konnen  Ki sa ou ye pou mwen ? https://commons.wikimedia.org/wiki/File:LagunageNaturelSchéma.jpg

Jounen Mondyal Dlo

Yon ti gout dlo, li tou piti Ki sa n ap fè avè li ? De ti gout dlo, yo pa menm gran Ki lè n ap gen tan ? Twa ti gout dlo, se lasisin E powèm sa a ap fin rive nan Batin 2017 - 03 - 22 https://soundcloud.com/voyageonslocal/jounen-mondyal-dlo

Pourquoi parler créole aujourd'hui ?

Oui, pourquoi apprendre le créole ? pour quoi étudier cette langue ? Y a-t-il un intérêt ? social ? commercial ? fondamental ? Est-ce utile d'apprendre le créole ?  On pourrait répondre que la Caraïbe et les Antilles ont déjà l'Anglais, le Français, le Portugais et ou l'Espagnol. Les populations pourraient ainsi échanger en Anglais la première langue commerciale ou avec l'Espagnol qui est l'une des langues maternelles comprenant le plus de locuteurs. Et puis le créole suit-il un système régulier ? un alphabet ? quid des régionalismes ? QQOCQP = Qui ? Quoi ? Où ? Comment ? Quand ? Pourquoi ?   créole ? langue ? kézako ? Regardons quelques définitions     Langue Système de signes vocaux et/ou graphiques, conventionnels, utilisé par un groupe d'individus pour l'expression du mental et la communication.  On identifie notamment les langues vivantes, nationales, artificielles, nat

Bienvenue ! Welcome ! Onè respè !

Que le voyage commence ! Parfois on peut parcourir des milliers de kilomètres, se retrouver à l'autre bout du monde et pour autant rester sur ses habitudes, se figer, se cantonner à son quotidien voire se fermer à la découverte d'autre chose, de l'autre, ou à toute alternative. De quoi a-t-on besoin pour voyager ? pour ressentir le voyage ? pour profiter de ce voyage ?   Saluez vos hôtes avec le "bonjour" local ! Le voyage commence par des mots, un état d'esprit, une philosophie voire même un projet. "VoyageonsLocal" est ainsi né de ce constat : se déplacer est louable, et ressentir son voyage est incomparable, car avec quelques mots le voyage commence même en local et même à l'oral. Rien que de saluer nos hôtes avec le "bonjour" local ! Cet acte si simple et si anodin est votre passeport moral de voyage. Vous confirmez votre ouverture à cette terre d'accueil, sa population, sa culture, son quotidien, son histoire.