Accéder au contenu principal

Articles

Affichage des articles du septembre, 2021

Pouvwa tim tim bwa sèk !

" Tonton Bouki ( x2 )    Kote w ye ? ( x2 )    Fè bwa sèk sonnen ! ( x2 )    Tim tim tim ! ( x2 ) " Nou konn chante sa nan yo lòt lang ? Pouvwa tim tim bwa sèk !  Jwèt mo sa yo kapab rasanble moun. Moun yo, ki sòti nan fon peyi a, sonje lè yo te ti moun. Nou menm ki  ap aprann nou eseye konprann abitid ak lavi nan peyi a. Kit nan titre kont oswa nan esplikasyon, n ap toujou reflechi oswa griyen dan ! 1. Tradisyon oral - tire kont Pifò nou itilize tim tim bwa sèk, se lè n ap tire kont. Yon lodyansè voye yon tim tim chak fwa li bay kadans : lè l fenk koumanse yon istwa, nan mitan yon istwa, lè odyans lan koumanse bouke, lè l envite odyans lan pou l reyaji. Men m jan Raphaël Confiant ekri nan "Dictionnaires des titims et sirandanes" : depi nan Ginen nou voye tim tim. Tradisyon sa rete avè nou. Kit se yon kontè, kit se yon griyo, yon lodyansè, yo tout makonnen avè yo menm jan. - Veye ak veye vivan Nan moman sa yo tout fanmi lan reyini. Gen bwèson, domino, manje, mizik :

Rezilta

  " Èd sa kraze peyi a" :      Ki jan nou konprann sa ?     Èd toujou itil youn     Oswa plizyè moun :     Yon dal menm mèt bennefisye,     men ki kalite rezilta nou vle ? " Peyi nou, pitit nou "     Men ki kalite dyaspora m ye ?     Ki jan m montre l m renmen l ?     Ki lè m ap bay li konfyans mwen ?     Ki wòl m ap jwe nan lavni li a ? " Peyi nou, machin nou "     Jete dlo nan radyatè a, mache yon ti tan sèlman :     Pito n mete luil nan motè     Pase grès nan chèn transmisyon     Chaje rezèvwa l ak yon galon esans " Peyi nou, moun parèy nou "     An n mete men     An n itilize chay nou a     An n bay li valè     An n respekte l     An n aprann konnen l     An n pale avè l     An n fè komès avè l " Èd sa kraze peyi a" :      Ki sa k fè sa ?     Èd toujou itil youn     Oswa plizyè moun :     Yon dal menm mèt bennefisye,     men ki kalite rezilta nou vle ? Otè : Wozni BLANKA Imaj : Rezilta yon atelye "pliye yon taptap"