Accéder au contenu principal

Travayè

Travayè

Pou ki sa yo chwazi sa ?
Pou ki sa yo travay di kon sa ?

Solèy pòko leve, yo pòte chay, yo swe
Jounen yo rèd : se pa de mache yo mache,
Jounen yo rèd : se pa de koube yo koube

Lannuit, lajounen,
Gwo chalè, gran fredi mèt brile zo yo
Lannuit, lajounen,
Yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo
Koute yo nan lari, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo
Nan transpò piblik, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo

Yo pran douvan, e yo fè jou louvri

Bite tè a pa dous,
Se rezilta a k pi gran resous

Chak jounen yo gen yon sans
Chak jou yo aprann e yo pran esperyans.
Nenpòt kote yo ale, ni kote yo sòti se yon chans :
Konbit yo se yon syans !
Piti kou gran gen enpòtans
Tout ansanm yo pataje konpetans


Men d èv bon mache ?
Lè yo ale nou kontrarye !
Tout bòs se bòs, men tout bòs pa menm :
Aprè yo pa gen lòt !
Yo la pou nasyon an vini fòt !
Bòs, Pechè, Bayakou, Peyizan :
Koute yo k ap konte, yo griyen dan
Koute yo k ap pataje, kè nou kontan !


https://pxhere.com/en/photo/1161605

Commentaires