Lavi a parèt, e li kontinye wout li
Yon timoun nan yon pousèt
Yon granmoun k ap souse dwèt
Lavi a parèt, pa gen plas sèlman pou souvni
Jounen yo pase
Desizyon yo tonbe
Lavi a parèt, annou kontinye avè li
Annou genyen yon lo pitit !
Biznis, ti gason, ti fi
Penti, pwezi, skilti
Annou genyen yon lo pitit
Annou mache nan yon dal konbit
Annou koumanse piti
Annou koumanse gran
Lavi a parèt : nou p ap janm pèdi tan
Kouri Tap-Tap : nou p ap janm pèdi tan
Kè pran pòz : nou p ap janm pèdi tan
Sèl se sèl plezi pou nou pran
Annou mache-mache ak kè kontan
Tèks : Roseny BLANCA
Foto : https://flic.kr/p/dbJASw
Commentaires
Enregistrer un commentaire