Accéder au contenu principal

Espre

Se konsa li ye
ou konnen l deja
Li di ou sa deja
Ou mèt reponn se espre li fè espre.
Menm si ou rele li zouzoun,
Li pa jwe ak moun.
Menm si ou rele li zouzoun
Li pa prale jwe ak moun
Li  pa konnen non okenn moun,
Menm si ou ta rele li Choukoun

Lò nou genyen yon randevou :
Vini anvan lè !
Li menm se ale li ale
Menm si li kapab tann nou,
Konnen li p ap rete
Se konsa li ye
Nou konnen l deja
Li di nou sa deja
Nou mèt reponn se espre li fè espre
Pas se yon tren espres li ye

.....

Tèks : Roseny BLANCA, aprè tren an fèk pati kite m nan Lond 😅

Kredi foto : Andy Nystrom - IMG_8551 - Burlington GO Station - westbound Lakeshore West train (GO Transit) arriving
https://www.flickr.com/photos/24917258@N05/31578291295/

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Masterclass

Séance d'apprentissage personnalisée An n dekouvri ak pwogrese ansanb ! Voici un exemple / Men yon egzanp : Réservez vos séances / Kite m konnen : VoyageonsLocal@gmail.com pour plus d'information sur Roseny Blanca / fè plis konesans ak Wozni BLANKA #VoyageonsLocal quelques mots et le voyage commence !

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la...

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : pop corn 👉🏾 TAP TAP (FR) Camionette ...

Panama mwen tonbe !

Mwen sòti lavil Jakmèl Mwen prale Lavale An arivan nan kafou Bènè Panama mwen tonbe Panama mwen tonbe ( x3) Sa ki dèyè ranmase li pou mwen - - - - - soundcloud - youtube - spotify

Anjelik O !

 Anjelik O ! ( x2 ) Chita kay Manman ou ! Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou foto : @banoootah_qtr / https://flic.kr/p/21EBTe Kèk enfòmasyon sou chante sa a : https://www.mamalisa.com/blog/angelique-o-a-haitian-song/