Accéder au contenu principal

Mwen renmen yo


Mwen renmen yo pou sa yo ye
Papita ki gen plis gou fig pase gou sèl :
Se koupe dwèt, mwen pa mande rete !
Salad, pikliz ak diri :
Dekorasyon nan mitan vyann ?
Se plis valè yo gen plis valè !
Frechè, pike, krokan : se koupe dwèt !

Dlo enfize ak frwi !

Te enfize tap-tap !
Yo pa gen lè : savè yo sibtil
Ou mèt bwè yo tout jounen : yo itil !
Bwason sa a respekte tout manje nou manje.
Se koupe dwèt : Mwen pa mande rete
Mwen renmen yo pou sa yo ye !

Prepare zaboka, aranso ak mayi moulen.

Fè lasisin ak Kann, chocola.
Mete dyon-dyon, sòs pwa.
Manje mango, zannanna
Mwen renmen yo pou sa yo ye !
Se koupe dwèt : mwen pa mande rete !
Bwè kafe epi manje manba ak kasav
Pran yon kout kleren,
Pataje griyo ak bannann peze ren pou ren :
Mwen renmen yo pou sa yo ye !
Se koupe dwèt : mwen pa mande rete !



Tèks : Roseny BLANCA
Foto : https://flic.kr/p/fD9KfU

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Masterclass

Séance d'apprentissage personnalisée An n dekouvri ak pwogrese ansanb ! Voici un exemple / Men yon egzanp : Réservez vos séances / Kite m konnen : VoyageonsLocal@gmail.com pour plus d'information sur Roseny Blanca / fè plis konesans ak Wozni BLANKA #VoyageonsLocal quelques mots et le voyage commence !

Madigra

  Madigra m pa pè w : Se moun w ye. ----- Nou mèt kontre "lougawou" nan plas "madigra" ----- Kèk egzanp sou entènèt

Anjelik O !

 Anjelik O ! ( x2 ) Chita kay Manman ou ! Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou foto : @banoootah_qtr / https://flic.kr/p/21EBTe Kèk enfòmasyon sou chante sa a : https://www.mamalisa.com/blog/angelique-o-a-haitian-song/ 

Bienvenue ! Welcome ! Onè respè !

Que le voyage commence ! Parfois on peut parcourir des milliers de kilomètres, se retrouver à l'autre bout du monde et pour autant rester sur ses habitudes, se figer, se cantonner à son quotidien voire se fermer à la découverte d'autre chose, de l'autre, ou à toute alternative. De quoi a-t-on besoin pour voyager ? pour ressentir le voyage ? pour profiter de ce voyage ?   Saluez vos hôtes avec le "bonjour" local ! Le voyage commence par des mots, un état d'esprit, une philosophie voire même un projet. "VoyageonsLocal" est ainsi né de ce constat : se déplacer est louable, et ressentir son voyage est incomparable, car avec quelques mots le voyage commence même en local et même à l'oral. Rien que de saluer nos hôtes avec le "bonjour" local ! Cet acte si simple et si anodin est votre passeport moral de voyage. Vous confirmez votre ouverture à cette terre d'accueil, sa population, sa culture, son quotidien, son histoire. ...

Ti flè a

 🌺Yon ti flè ki ap boujonnen ? . Yon boujon ki ap fleri !🌺 🌺M ap tann li tankou tè sèk ap tann lapli ! . Jodi a li la e m byen kontan wè li 🌺 Otè : Wozni BLANKA