Accéder au contenu principal

ENA ak mizik

( version en français plus bas )

Chak jou gen yon pakèt zouti ki parèt ak entèlijans atifisyèl (ENA) : yo toupatou, yo tout kote, nou pa pral janm fè yon jou san nou pa kontre yo. 


Èske ENA pral ranplase tout atis nou yo ?

Non ! 🤗

Entèlijans atifisyèl ( ENA ) pòko prè pou ranplase kreyativite kretyenvivan yo : 


Kredi foto : Mohamed HASSAN 18/03/2021 - https://pxhere.com/fr/photo/1640118 





1) ENA brase yon pakèt enfòmasyon aprè li sèlman kopye sa l te jwenn 

Nou tou mèt pran egzanp kreyasyon chante ak SUNO.com : 

Souvan nou rekonèt mizik ki te gentan fèt deja.

Plizyè fwa, plizyè moun diferan di m « o o ! Apa m rekonèt mizik sa ! » Tandiske se premye fwa m te jwe l pou yo e mizik sa pòko sòti sou entènèt. Moun sa yo rekonèt yon melodi, tankou nou ta sonje yon chante orijinal nan yon repriz. An n sonje tou ki jan ENA ap travay : li pran yon pakèt egzanp, li evalye kritik ak kòmantè yo, apre li pataje yon repons ak k sa l jwenn.


2) ENA bay manti 

..... tankou yon lo politisyen men sa se yon lòt afè

Oswa ou konn sijè a deja e ou pral wè tousuit ki kote l ap bay manti, oswa kontinye fè rechèch pou aprann ak konprann pi plis sijè a. Gen yon pakèt egzanp sou entènèt e sosyete OpenAi toujou make yon ti fraz pou pwoteje tèt li : « ChatGPT gen dwa twonpe l ». Mwen menm m te fè esperyans sa ak pye mango, karabela, jwèt kawo, kasav. ENA ekri « kasav fèt ak mayi » men l ap bay manti : kasav fèt ak manyòk e nan kasav dous yo ajoute kokoye. 


3) ENA vit koumanse repete menm mo yo menm kote

Pou tèt mwen ak pwòp esperyans mwen, ChatGPT vit koumanse repete mo « limyè » nan chak tèks li pwopoze m : m gentan bouke !


4) ENA pa respekte règ yo ou ba li l 

ENA pòko kapab reyalize ide a menm jan ou genyen l nan tèt ou : oswa ou pa esplike yo byen oswa li pòko menm konnen sijè w ap pataje avè l.

Lè w yon ide, tou reyalize l.

Li gentan kòdjòm kòdjòm ?

Wi ? Non ?

Apre sa, pa enkyete w : w ap gen kont tan ou pou amelyore l !



Egzanp : « Menm jan ak paran nou yo » ak lòt bèl chante


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : en Italie, cet ingrédient sert à préparer la p...

Apprendre par l'action #18_03

Ambiance bénévole, décontractée, le public est souvent bienveillant et se déplace pour découvrir quelque-chose voire en prendre plein les yeux. Il faut donc être connecté, digital, dans le coup. Une clé USB, des vidéos YouTube, un cast avec le téléphone vers la télé : tous les moyens sont bons pour capter l'assistance et se renouveler. Aussi quand un diaporama issu du Drive commence à devenir capricieux, je me retrouve au pied du mur et dois vite compenser. Mes connaissances historiques, politiques, géographiques, économiques sont limitées, mais j'ai soif d'apprendre et de partager : alors c'est parti pour un quizz avec des proverbes publipostés ! Au menu : - un ordi avec une suite bureautique - un vidéoprojecteur, un câble HDMI, un écran blanc, une table - un tableur avec quatre champs "iD, pwovèb, traduction littérale, version française" - le fichier de traitement de texte renversé en paysage, avec en police 36 l'enchaînement "pwovèb, EN...

Randevou nan Soundcloud !

Panama mwen tonbe, Ankouraje mwen, Fiyèt Lalo ak lòt ti chante peyizan  ap tann nou isi a ! Nou mèt rele yo "comptine", "chante timoun", "lullaby" oswa yon lòt bagay ankò, yo toujou genyen menm fonksyon : makonnen moun, depi ou tou piti jis ou fin gran moun ! Ou mèt etranje, ou mèt natifnatal, ou mèt dyaspora, se pran plezi pou ou pran plezi ! Epi nou genyen konfimasyon sa a nan liv dijital la " Istwa ti Zo ak ti Lona " tou ! https://www.soundcloud.com/VoyageonsLocal Ankouraje mwen : https://voyageonslocal.blogspot.com/2022/02/ankouraje-mwen.html Fiyèt lalo : https://voyageonslocal.blogspot.com/2022/01/fiyet-lalo.html Jodi a se fèt ou : Panama mwen tonbe : Tonton Bouki : https://voyageonslocal.blogspot.com/2021/09/pouvwa.html Wangòl O :