Accéder au contenu principal

Rezilta

 



" Èd sa kraze peyi a" : 

    Ki jan nou konprann sa ?

    Èd toujou itil youn

    Oswa plizyè moun :

    Yon dal menm mèt bennefisye,

    men ki kalite rezilta nou vle ?


" Peyi nou, pitit nou "

    Men ki kalite dyaspora m ye ?

    Ki jan m montre l m renmen l ?

    Ki lè m ap bay li konfyans mwen ?

    Ki wòl m ap jwe nan lavni li a ?


" Peyi nou, machin nou "

    Jete dlo nan radyatè a, mache yon ti tan sèlman :

    Pito n mete luil nan motè

    Pase grès nan chèn transmisyon

    Chaje rezèvwa l ak yon galon esans


" Peyi nou, moun parèy nou "

    An n mete men

    An n itilize chay nou a

    An n bay li valè

    An n respekte l

    An n aprann konnen l

    An n pale avè l

    An n fè komès avè l


" Èd sa kraze peyi a" : 

    Ki sa k fè sa ?

    Èd toujou itil youn

    Oswa plizyè moun :

    Yon dal menm mèt bennefisye,

    men ki kalite rezilta nou vle ?




Otè : Wozni BLANKA

Imaj : Rezilta yon atelye "pliye yon taptap"

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : pop corn 👉🏾 TAP TAP (FR) Camionette ...

Tim-Tim mele mele ak lòt ti jwèt dijital yo ( pwovèb, lasisin, bèbè, kèsyon-repons, Defi djondjon )

Isi a w ap jwenn plizyè ti jwèt dijital tankou : # Tim tim mele mele,  # Pawoli ak pwovèb,  # Lasisin bèbè ak pawoli,  # Tim tim ! Bwa sèk !  # epi kèsyon repons ak kèk resous ekonomik.  An nou pran plezi epi fè yon dal foto pou nou sonje bèl moman nou ap pase ! ***** Tim tim !        Bwa sèk ! ---> ki bòs tim tim ap jwenn yo tout ??? 🎓🥇🏆 🇭🇹 An nou mete yon ti lòd nan "tim tim mele mele" sa yo ! 🇲🇫 Lire chaque devinette à gauche puis retrouver la réponse correspondante située à droite : mettez de l'ordre dans ce casse-tête de devinettes ! 🇺🇸 Pair each riddle with its own clue ! A- Nou la pinga ou jete anyen ! AN- Ti tonton boukannen, ti tonton moulen ! B- Ti gason mele ! CH- Pli m fon, pli m bon ! D- Dwe vini, dwe pati, dwe rive ! ...... 1- Jakmèl ! 2- Tap tap ! 3- Choublak, lalo, kalalou ! 4- Mayi ! 5- Rasin vetivè ! Kèk esplikasyon ⏯️ **** Komande Diksy...