Accéder au contenu principal

Pouvwa tim tim bwa sèk !

" Tonton Bouki ( x2 )

   Kote w ye ? ( x2 )

   Fè bwa sèk sonnen ! ( x2 )

   Tim tim tim ! ( x2 ) "



Nou konn chante sa nan yo lòt lang ?





Pouvwa tim tim bwa sèk ! 

Jwèt mo sa yo kapab rasanble moun. Moun yo, ki sòti nan fon peyi a, sonje lè yo te ti moun. Nou menm ki  ap aprann nou eseye konprann abitid ak lavi nan peyi a. Kit nan titre kont oswa nan esplikasyon, n ap toujou reflechi oswa griyen dan !


1. Tradisyon oral

- tire kont

Pifò nou itilize tim tim bwa sèk, se lè n ap tire kont. Yon lodyansè voye yon tim tim chak fwa li bay kadans : lè l fenk koumanse yon istwa, nan mitan yon istwa, lè odyans lan koumanse bouke, lè l envite odyans lan pou l reyaji. Men m jan Raphaël Confiant ekri nan "Dictionnaires des titims et sirandanes" : depi nan Ginen nou voye tim tim. Tradisyon sa rete avè nou. Kit se yon kontè, kit se yon griyo, yon lodyansè, yo tout makonnen avè yo menm jan.


- Veye ak veye vivan

Nan moman sa yo tout fanmi lan reyini. Gen bwèson, domino, manje, mizik : n ap fete ansanm. Piti kou gran, baz tankou moun andeyò, odyans lan fè youn nan yon sèl pyès kay. Nou wè chak manm k ap eseye : nou reflechi ansanm. Youn bay yon pwopozyon, yon lòt jwenn bon repons lan avè l. Piti kou gran mèt reponn. Natif natal tankou moun andeyò kapab reyisi. Nou tout reyini. Atansyon nou la. Nou veye chak tim tim, chak endis, chak konsèy, nou veye chak moman pou n patisipe. Nou veye ansanm. Chak grenn zye nou dri. Zorèy nou byen ouvè. Bouch nou pare pou l pale. Premye fwa odyansè a voye "tim tim", premye "bwa sèk" yo sanble timid : oswa moun yo pòko konnen, oswa yo reponn ak yon vwa tou piti. Chak fwa odyansè repete "tim tim", l ap fè son an moute. Gwoup lan pran kadans. Gwoup la konfime prezans li a. Gwoup la montre li la. Gwoup la mete tèt li nan moman sa n ap pase ansanm.


- chante kanaval tankou « eeeeeee » ak ti Manno

Atis la pran plas yon odyansè. Nan mitan chante « eeeeeee », li voye "tim tim" pou l mande atansyon odyans lan : li bay kadans. Chak grenn moun pran yon plas. Chak grenn moun k ap reponn konfime yo la, yo konfime y ap koute, yo konfime y ap pran plezi. Nan moman sa, odyansè a mande silans. Jazz la fè yon ti kanpe, mizisyen yo pa jwe okenn son, yo rete bèbè. Lè sa nou tande Ti Manno ak odyans la sèlman. 


2. Fè n griyen dan

- souvan repons yo amize nou egzanp yon inosan nan mitan de asasen nan diskisyon ak Maeva

- Pi piti mèt defye pi gran yo egzanp « Ti moun siz an »

- misk zigomatik nou yo mache plis ankò egzanp chak foto nou pran depi Pak 2017



3. Otantik ak senp

- Jwèt ak reyalite lavi an n Ayiti egzanp ti pyè

- Reyalite tanprezan ak modènite nan egzanp "bwè, manje, jete" ki tounen nan "bwè, manje, resikle"

- Konstriksyon yo kout. Pale a konn kenbe nan yon ti bout fraz tou kout. Apre sa, repons lan toujou yon bagay konkre : nou mèt gade egzanp tap tap lè m t ap li Dictionnaire des titims et sirandanes

- Lè moun yo aprann yo anvan, yo sonje. Lè moun yo fèk dekouvri, yo konprann : egzanp li cha li po nan Espas Nelson Mandela-


- plis moun yo eseye plis yon grenn moun reyisi jwenn repons lan. Tankou nan yon konbit chak moun mete men, chak moun gen yon enpòtans, chak grenn rann moman sa posib.



4. Kèk tim tim nou pral konnen

Plizyè fwa, kouzin mwen yo ap plenyen. Yo di : « Ti Zo konn tout tim tim yo deja. Nou pa kapab reponn pi vit pase l. Ou pòko menm gen tan bay tout tim tim la, li bay repons an deja. ...ou ta sipoze ban nou lòt tim tim. Tim tim sa nou tout pòko konnen. »


Tim tim !

Bwa sèk !

Dwe vini, dwe pati, dwe rive !

Tap tap !



Tim tim !

Bwa sèk !

Ti tonton moulen, ti tonton boukannen !

Mayi !



Tim tim !

Bwa sèk !

M konn pikan men m pa piman !

Pikliz !



Tim tim !

Bwa sèk !

Griye, moulen, moulen, moulen, moulen !

Manba !



Tim tim !

Bwa sèk !

Ti gason mele mele !

Jakmèl !



Tim tim !

Bwa sèk !

Pi m fon, pi m bon !

Rasin vetivè !




Ale gade : 

Dictionnaire des titims et sirandanes, Raphaël Confiant, Éditions Ibis Rouge


Site de promotion des créoles

www.potomitan.info


Podcast "an n fè yon ti pale"


Tèks « Timoun siz an »


Dènye koreksyon : Wozni BLANKA - 25/02/2024

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Masterclass

Séance d'apprentissage personnalisée An n dekouvri ak pwogrese ansanb ! Voici un exemple / Men yon egzanp : Réservez vos séances / Kite m konnen : VoyageonsLocal@gmail.com pour plus d'information sur Roseny Blanca / fè plis konesans ak Wozni BLANKA #VoyageonsLocal quelques mots et le voyage commence !

Lòd nan pwovèb ak tim tim !

 Onè ! Respè ! Vini mete yon ti lòd nan pwovèb sa yo !  👉🏾 pase souri a pou jwen n yon solisyon. 👉🏾 PA KWOKE MAKOUT OU KOTE MEN OU PA KA ALE . (FR) Fixe-toi des objectifs ambitieux mais réalisables 👉🏾 BÈL FANM PA VLE DI BON MENNAJ. (FR) Les apparences sont parfois trompeuses 👉🏾 PITIT TIG SE TIG . (FR) Tel père tel fils 👉🏾 LAJAN AL KAY LAJAN . (FR) L'argent appelle l'argent 👉🏾 LAJAN NAN PÒCH PA FÈ PITIT . (FR)Il faut dépenser pour gagner 👉🏾 MEN ANPIL CHAY PA LOU . (FR) L'union fait la force (*)cette devise est rappelée sur le drapeau Haïtien 👉🏾 RAYI CHEN MEN DI DAN L BLAN . (FR) Prendre le temps de reconnaître les qualités malgré les défauts 👉🏾 BANNANN Fun fact : originellement elle contient des graines 👉🏾 MANBA (ENG) Peanut butter / (FR) Beurre de cacahuète/ (NL) Pinda Kaas 👉🏾 MAYI Fun fact : pop corn 👉🏾 TAP TAP (FR) Camionette ...

Madigra

  Madigra m pa pè w : Se moun w ye. ----- Nou mèt kontre "lougawou" nan plas "madigra" ----- Kèk egzanp sou entènèt

Anjelik O !

 Anjelik O ! ( x2 ) Chita kay Manman ou ! Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou foto : @banoootah_qtr / https://flic.kr/p/21EBTe Kèk enfòmasyon sou chante sa a : https://www.mamalisa.com/blog/angelique-o-a-haitian-song/ 

Bienvenue ! Welcome ! Onè respè !

Que le voyage commence ! Parfois on peut parcourir des milliers de kilomètres, se retrouver à l'autre bout du monde et pour autant rester sur ses habitudes, se figer, se cantonner à son quotidien voire se fermer à la découverte d'autre chose, de l'autre, ou à toute alternative. De quoi a-t-on besoin pour voyager ? pour ressentir le voyage ? pour profiter de ce voyage ?   Saluez vos hôtes avec le "bonjour" local ! Le voyage commence par des mots, un état d'esprit, une philosophie voire même un projet. "VoyageonsLocal" est ainsi né de ce constat : se déplacer est louable, et ressentir son voyage est incomparable, car avec quelques mots le voyage commence même en local et même à l'oral. Rien que de saluer nos hôtes avec le "bonjour" local ! Cet acte si simple et si anodin est votre passeport moral de voyage. Vous confirmez votre ouverture à cette terre d'accueil, sa population, sa culture, son quotidien, son histoire. ...