will never forget when my classmates and i had to go to a seminar on how to end world hunger and the lady said “world hunger doesn’t exist. there is more food on this earth than all of us could eat. the people with the food just won’t share” https://t.co/BGsyB9RZN3
— cami o. (@_camielise) April 24, 2020
Oswa yon lòt egzanp ankò sou Facebook : Manje miyò pou yon lavni bèni
("Mieux manger pour changer le futur" - Notre assiette est le levier le plus puissant pour sauver notre planète)
Epi nou genyen plizyè egzanp menm jan nan plizyè videyo Ayibopost tou :
- chita pale ak ekonnomis Etzer Emile otè yon tèz = https://www.youtube.com/watch?v=7Qf-s8UBXgA
- ti prezantasyon yon enkibatè leta Ayiti = https://www.youtube.com/watch?v=01GucwjdD4I
- lannaliz pou "Konprann poukisa goud lan ap degrenngole konsa!" = https://www.youtube.com/watch?v=oO8F2WUygE0
Nou konsome.
Nou tout konsome.
Depi gen lavi, gen konsomasyon, yon richès ki itilize : sa pa vle di pou nou
dwe gaspiye yo, men nou konprann depi gen lavi gen yon pwodui, yon sèvis ki
itil yon lòt.
Lajan se yon mwayen konkre, absoli, senp nou itilize pou echanje
sèvis. Lajan pa janm movè : se sa n ap fè avè l ki pi mal.
Gade moun rich yo.
Se brase yo brase lajan : yo konnen lajan nan pòch pa fè pitit. Plis yo
brase kòb, plis yo fè kòb : fòk lajan an gen mouvman, fò l bouje nan pwoje
ki ap bay. E se konsa tou, plis moun jwenn plis lajan. Tout ekonnomis yo ap
konfime nou sa : lè moun yo fè plis epay pase envèstisman, ekonnomi a
komanse kraze. Pa enkyete nou : yon fwa ankò, sa pa vle di lajan se piyay.
Lajan fèt pou l brase, plis pase vole l oswa gaspiye li. Mete l nan yon pwoje (oswa plizyè pwoje) ki
bay, nan yon pwoje ki respekte tout moun, nan pwodui ki bon pou anviwònman an, ki
bon pou latè.
M byen renmen
"Biocoop"
ak
"La ruche qui dit oui!".
Chak mwa yo pataje yon lis pwodui ki makonnen ak sezon a.
"Biocoop" tou : pa rayi nou ! Si nou ta renmen yon pwodui ki sòti lòtbò dlo. Li di :
pwodui sa pa fèt isi a, men pwodiksyon li a respekte tout moun. E gras a sa,
pwodui a pran plis valè ankò. Pwodui sa a rak ? Li pa gen pestisid ? Li pa gen angrè ? Men eske pwodui sa bay
pou plis pase yon sèl grenn moun ? Pi antrepriz la transparan, plis li klè nan sa
l ap fè a, plis kliyan yo vle achte nan men li a, plis kliyan yo konprann montan
kòb yo peye, epi kliyan yo tou pale pibyen ankò sou antrepriz la.
Plis nou gade etikèt yo, pi enfòmasyon an vini klè !
An nou suiv ti envantè sa :
- luil esansyèl vetivè, se youn nan premye pwodui Ayiti voye lòtbò dlo
chak lanne, pou l fè kòb sou li
- luil esansyèl vetivè ayisyen se pi fò sa endistryèl yo renmen nan lemonn. Plizyè nan pi gwo kliyan yo chita Lafrans, tankou montre nou plizyè dokiman (
opendata.investhaiti.ht - https://www.youtube.com/watch?v=QBcnWfuvGAs )
- yon bon majorite parfen liks konn itilize vetivè ayisyen, ki sòti nan
faktori "FRAGER / AGRISUPPLY", tankou Pyè Leje (Pierre Léger) konfime
l nan diskisyon 14 out 2019 nan Radyo "Haitian TV Official" - https://www.youtube.com/watch?v=32HqlTc7D1o
An nou pran egzanp mwa d me a.
Mwa d me tounen yon mwa selebrasyon. Okazyon pou
voye yon ti limyè sou Ayiti nenpòt kote nou ye nan lemonn : artis, bòs,
machann fritay, machann manje, asosyasyon, konbit, chenn televizyon, dansè,
chantè, powèt, patwon nan agwobiznis, abitye tankou wòwòt tou, pwofèsè,
aktivis, elatriye. Nou tout kapab pran daso aplikasyon "TapTapNow", pou nou jwenn yon restoran ayisyen pou nou manje : lè nou manje nan men
yon ayisyen, kit Lafrans, kit Ozetazini, kit Ayiti, kit nan Ginen, kit nan
Japon, kit Lagwadloup : ki pwodui Ayiti nou manje vreman ? Nou valorize
konpetans Ayiti. Nou valorize yon resèt, yon estil, yon tradisyon,
yon anbyans tankou di dirèktè Kay Fritay nan diskisyon sezon DE epizòd TWA, yon fason nou prepare manje a, abitid ki genyen nan lavi ann Ayiti. Nan
chak kout kiyè, yon imaj, yon son ap vini. Pi manje a gou, pi manje a dous,
pi vwayaj la entans ! Genyen menm k ap fè
lasisin, pou eta sa ta pi long ankò !
N ap poze nou menm kèsyon sa yo : ki sa k bay ? ki moun manje nan konbit sa yo ?
Yon afè ap bay, lè l fè kòb epi sitou lè li pwoteje latè. Si nou volè : ap
gen yon lè, moun yo ap rann yo kont, e yo pap vini achte ankò. Lè nou pa
pwoteje latè : ap gen yon jou n ap pran baton ak polisyon nan dlo potab,
lavalas, polisyon nan lè nou respire, fatra kouri tout kote, elatriye.
Egzanp endistri tafya enteresan pou tèt sa a. Pwodui sa se yon wonm
endistryèl li ye. Pito yo jete melas la, yo makonnen tèt yo pou yo bay li
valè : e yo fè plis kòb ! Nan egzanp mak "BAKARA" : ki enpak sosyal li genyen ? ki enpak sou anviwònman li pote ? konbyen
moun fè kòb ak "fatra" sa ? konbyen moun konprann melas pa yon fatra men li
gen valè ?
Ki moun manje nan konbit sa yo ? bòs, simidò, chèf kanbiz ak yon
pakèt ankò, ki moun lonje men nan konbit sa yo ? Koupè kann yo ? Anplwaye
faktori a ? Ti madan sara ki ap vann nan lari yo ? ki jan l bon pou latè ? ki
sa k bay ? ki jan l bon pou sosyete a ? Epi tou, pi boutèy yo gran,
pi boutèy yo gen yon tay estanda, pi pwodui a piyay. Tandiske pi yon
boutèy vè piti, plis li mande resous nan fabrikasyon li a. Epitou pi piti,
siyifi plis manyen ou manyen pwodui a. Plis gaspiyay. Moul fabrikasyon a ki
pi chè ankò. Pri fabrikasyon boutèy lan pi wo. Mwens bennèfisis pou antrepriz la
tou.
Genyen yon lo
egzanp ankò !
Ki fè m te byen kontan kontre ak mak kleren "Sajous" nan makèt
"La Grande Épicerie de Paris", nan zòn metwo dis oswa douz Sèv-Babilòn (Sèvres-Babylone).
Boutèy la bèl. Pakè a bèl tou. Yo vann yon pwodui liks ki sòti Ayiti san yo
pa mande lacharite sèlman. Kleren li menm se "wonm pèp la". Tout ti gildiv
yo Ayiti fè pwòp kleren pa yo ak ji kann fèmante pa yo. E menm jan n ap poze nou
menm kèsyon sa yo : ki sa k bay ? Ki sa k bon pou latè ? Ki moun jwenn ? Ki
moun manje nan konbit sa yo ? Ki chèf eskwad ap bay règ yo ? Ki kouto digo
yo itilize ? Ki majò djòl, ki simidò ap bay kadans ?
E menm jan ankò, nou mèt poze nou menm kèsyon ankò ak wonm tou, oswa "wonm
agrikòl", tankou yo konn rele l pafwa nan lemonn. Nou mèt pousuiv ak mak
Babankou (Barbancourt). Nou jwenn li nan "Delimart", nan "Haïti Market - Paris 18ème", nan kèk boutik "Nicolas", e parfwa menm nan "Extra Loco" : ki moun manje nan lajan sa ? Se yon pwodui ki fèt ak kann Ayiti, nan
men travayè Ayisyen ak yon konpetans, yon resèt ki te devlope ann Ayiti :
konbyen kòb n ap peye nan afè ladwàn ak entèmedyè yo ? menm lòtbò dlo, ki
jan li rete bon pou kote li sòti ? pou travayè yo ki pwodui l ?
Nan bò li a, "Haïti transfert" konn fè promosyon pwodui ki fèt Ayiti ak yon seksyon "Made (in) Haiti", menm si kèk kliyan vit sonje, yo te gen tèt chaje, ak lòt pwodui yo pa t
twò renmen, pwoje sa a bèl. Li merite plis limyè ankò. Seksyon sa a pémèt pou
plis pwodui lokal, rete sou mache lokal la, sèvi pou popilasyon a, e konsa
plis machann lokal ta jwenn tou.
Ministè Komès ak Endistri (MCI), Pwogram Nasyon Zini pou Devlòpman (PNUD) ak konbit
Konsome Lokal
konfime yo menm tou li posib epi li itil pwodui lokal, li itil konsome lokal : efò
sa gen yon sans, paske li montre valè entrensèk pwodiksyon nasyonnal la.
Anbisyon touye rat, men lè w kapab anbisyon bay.
"Konsome Lokal"
ede nou konprann ki valè yon pwodui genyen : kalite entrensèk li a pou
lasante, enpak sosyal li a, enpak pekinyè, enpak sou anviwònman, kalite yon
patrimwann, yon tèwa, konpetans artizan yo, kapasite pou yo rete djanm ...
Li nòmal kontinye konsome pwodui ki sòti lòtbò dlo, tankou li nòmal konsome
lokal tou : yo tout gen valè ak pwòp enterè yo. Genyen plizyè egzanp pwodui
tankou : remèd fèy pou moun ki vle itilize plis pwodui natirel, kasav ki
ta enteresan nan yon mèni "vegan". mango fransik, chokola pou kalite
"kriyolo" pa egzanp e ki apresye anpil tout kote nan lemonn, bannann pou papita oswa farin,
vetivè ankò nan awomaterapi, oswa lit kont ewozyon.
Gen plizyè kalite bon
pwodui.
Jodi a, ou mèt lonje dwèt ou, epi goute kèk pwodui ayisyen : ki
mwayen ou genyen ? Komande yon "TasteOfHaitiBox" epi konpoze pakè w ! Yon ti boutèy kremas tou piti, kèk mòso kasav, yon
ti po manba : se yon bèl envitasyon pou dekouvri Ayiti, nenpòt kote w ye
nan lemonn ! Pa ezite komande ak plizyè moun pou nou pataje frè livrezon yo
tou.
Pran konsyans frè lojistik yo konn koute yon pakèt kòb tou !
M te fè eksperyans sa nan de èsè
LasisinBOX.
Nan premye a, m te mande plizyè pwodui ki sòti Ayiti, e te genyen plas
ankò nan valiz la : te gen espas pou twa oswa kat koli ankò, ki ta menm jan
ak pa m nan. E nou ta tou divize pri lojistik la ren pou ren. Tankou "La Ruche qui dit oui!" bay sèvis li a. Li kontre plizyè pwodiktè, peyizan, antreprènè, agrikiltè
nan zòn li a. Chak semenn, "La Ruche qui dit oui!" montre, kliyan li yo, yon lis pwodui ki disponib. Chak semenn, chak
kliyan fè pwòp chwa li yo. E chak semenn, "La Ruche qui dit oui!" asire livrezon a, nan yon zòn nan mitan, ki aksesib, ki fasil pou chak kliyan yo rive. Nan dezyèm
LasisinBOX la tou, m jwenn yon distribitè
BAKARA nan Lewòp.
Plizyè moun, tankou m, sonje machann ki ap vann boutèy sa yo nan lari a. Lanni !
Grènadya ! Kànèl ! Se pran plezi nou pran plezi ! Moun ki nan zòn mwen,
fè komand yo nan men m, e nou pataje frè livrezon a ren pou ren.
Nan nenpòt sa nou konsome, nou konprann pa gen yon sèl grenn moun ki miyò
pase tout lòt yo, men pito tout moun kapab. E genyen ki konn fè kòb ak
konpetans yo. Plis pase yon kantite pwodui piyay yo ap vann, se nan kalite pwodui sa yo, moun sa yo fè kòb : pwodui yo gen valè ! Plis yo tèt nèg, plis yo fè kòb. Chak moun gen pwòp kalite pa yo, chak grenn konpetans pa yo,
chak pasyon pa yo. Gen bagay yo konn fè pou pwòp tèt yo, ki itil yon lòt
moun. Ki bay. Ki bon latè tou. Nou tout gen dwa eseye, nou tout gen dwa mete
men, pou nou tout vanse vanse san rete.
*****
Kèk referans ak zouti :
* Artik nan laprès : https://lenouvelliste.com/lenouvelliste/article/129016/grace-au-vetiver-haiti-parfume-le-monde.html / https://www.montraykreyol.org/article/haiti-premier-exportateur-mondial-de-vetiver / https://www.icihaiti.com/article-30173-icihaiti-economie-haiti-premier-exportateur-mondial-d-huile-essentielle-de-vetiver.html /
* Ayibopost, platfòm dijital pou yon jounal esplikatif https://ayibopost.com/
* BAKARA :
www.rumbakara.com /
www.instagram.com/rhumbakara
* Barbancourt :
www.instagram.com/barbancourthaiti
* Clairin du distillateur Michel Sajous :
sajousmmichel@yahoo.com / https://www.slowfood.com/press-release/la-premiere-sentinelle-slow-food-en-haiti-protege-le-rhum-clairin/
* Delimart Haiti :
www.instagram.com/delimarthaiti
* Diksyònè Kreyòl Vilsen : https://ufdc.ufl.edu/AA00010738/00001
* Etzer Emile, Haïti a choisi d’être pauvre, les 20 raisons qui le prouvent, 2017, Amazon Kindle, 151 paj, https://www.amazon.fr/Haiti-choisi-devenir-pauvre-prouvent-ebook/dp/B07MJYRJ4D
* Extra Loco : https://www.facebook.com/pages/Extra-Loco/2140366912885541 / https://www.instagram.com/explore/locations/2140366912885541/extra-loco/
* France5, dokimantè "Manje miyò pou yon lavni beni" - http://www.facebook.com/story.php?story_fbid=10158083070539597&id=95294389596&scmts=scwspsdd&extid=hlXGhKkVNhJaSUWo
* Guide illustré des produits typiques et potentialités économiques édité
par le MCI et le PNUD : https://www.undp.org/fr/haiti/publications/produits-typiques-les-potentialit%C3%A9s-%C3%A9conomiques-dha%C3%AFti
* Haïti Market : https://www.haitimarket.fr/ / https://www.facebook.com/HaitiMarket/
* Haïti Transfert :
www.haititransfert.com
* Haiti BOX (gade TasteOfHaitiBOX) : https://www.etsy.com/shop/TasteOfHaitiBox / https://www.instagram.com/tasteofhaitibox/
* Investir en Haïti | Open Data : le portail est une plateforme centralisée et en ligne qui regroupe des données à partir de sources locales et internationales et permet à un utilisateur de les analyser librement. La plateforme est gérée par le Centre de Facilitation des Investissements (CFI), l’agence de promotion des investissements de l’état d’Haïti, organisme autonome travaillant sous la tutelle du Ministère du Commerce et de l’Industrie (MCI). La plateforme veut aider les investisseurs établis et potentiels dans leur processus de prise de décision d’affaires et mettre à la disposition des entrepreneurs déjà établis ou potentiels des données leur permettant de consolider leurs plans d’affaires. http://opendata.investhaiti.ht/
* Kay Fritay : diskisyon nan
sezon DE epizòd twa /
https://www.instagram.com/kayfritay
* Konsome Lokal est une plateforme de promotion des produits faits en Haïti,
dont l'objectif est d'apporter un soutien aux entreprises et de sensibiliser
à l'importance de consommer local! http://konsomelokal.com/
* La Grande Epicerie de Paris Rive Gauche : https://www.lagrandeepicerie.com/fr/rive-gauche
* La Ruche qui dit oui ! https://laruchequiditoui.fr/fr
* Nicolas (chenn boutik bweson) : https://www.nicolas.com/fr/
* Plezi Lakay Food montre egzanp chokola "Terra etica" ak "Ethiquable" sou
kont li a :
www.instagram.com/plezilakayfood
* (pwoje) LasisinBOX - konbit pou komande pwodui Ayisyen ki valorize Ayiti ak patrimwann li a
* "Se tèt nèg" : ki koute anpil lajan, ki vann chè anpil, pwodui liks, yon eksè pou yon malere. https://creolelink.com/translate/t%C3%A8t_n%C3%A8g / https://ufdc.ufl.edu/AA00010738/00001/search?search=liks
* TasteofHaitiBOX :
www.instagram.com/tasteofhaitibox
* TapTapNow : aplikasyon gratis disponib sou "Apple store" ak "Google Play
store" pou dekouvri yon dividal restoran ayisyen nan lemonn
www.instagram.com/taptapnow_ / www.facebook.com/TapTapNowApp
*****
Otè : Wozni BLANKA (Roseny BLANCA)
Dat dènye korèksyon - 20/05/2022 - Wozni BLANKA (Roseny BLANCA)
Commentaires
Enregistrer un commentaire