Accéder au contenu principal

Annsi Dewoz : majò jon vivan toujou vivan

" majò jon - Moun ki devan okès ki ap bay kadans " : definisyon sa sòti Diksyonè Kreyòl Vilsen nan paj 310.
 Lavi Annsi Dewoz te plen anpil anpil ! Pi ta li mouri samdi disèt janvye mil nèf san katreven disuit, nan swasant twa lanne li yo, poutèt yon kansè : vini dekouvri yon ti entwodiksyon sou byografi li a, mwen ekri pou youn nan zanmi mwen yo !

Chak fwa nou kontre siy "(*), " konprann "tit orijinal sa ekri an franse epi m pwopoze w yon tradiksyon"





[ (*) = tit orijinal sa ekri an franse epi m pwopoze w yon tradiksyon ]


Annsi Dewoz te fèt yon twa jen mil nèf san trant kat.
Twazyèm pitit li ye nan linyon madanm Wodòf Dewoz, Fènand Ilè, ak mari li a.
Dirèktè yon lekòl pwofesyonnèl, otodidak, bòs, atizan, pent, chantè, mekanisyen, powèt, pwofesè syans linivèsite, kwafè, fondatè plizyè konbit ak mazenga, achitèk-dekoratè, maestwo : tout travay sa yo, li fè yo tout. E tout moun konfime : li gen anbisyon, li pa nan pale franse e li genyen brenn pou sa. Gras a okipasyon li yo, Annsi Dewoz te vwayaje anpil nan lemonn. Annsi Dewoz konn chante depi li tou piti. Kidonk chak fwa li poze li yon kote, l ap fè mizik. Li mete tèt li a nan konpetisyon chante lokal yo tou. E plizyè fwa li pran lamayòl la !

Premye dis li a "Annsi, mizik li a ak pwezi li a (Ansy sa musique et sa poésie)" sòti nan lanne mil nèf san swasant douz. Apre sa a dis "Quo Vadis Terra" parèt nan lanne mil nèf san swasant katòz. Li kontre Yòl Ledan Dewoz, yon gwo bout tonton atis : chantèz wosiyòl epi pawolyè. Ansanb yo konpoze :

- Mèsi (*) ak labèl Mak Rekòd - 1978 (Merci, Marc Records)

- Mèsi (*) nan yon vèsyon langlè a pou labèl Rego, nan lanne katreven yo epi ki sòti 1991

- espektak Ochan pou lajennès (*) nan estad Silvyo Kator

- dis Anakaona, Larenn Ayiti (*) - 1983

- Annsi Dewoz, Nou vle - 1985 pou labèl Y&A Dewoz

- Yòl Dewoz, Lè kè m ap bat sou konpa (*), 1989 (quand mon cœur bat la mesure)

- Tit lò yo, 1996 (Les titres d'or)

- Ayiti, melodi lanmou (*) - desanm 1997 (Haïti, mélodie d'amour)

- Annsi Dewoz, vivan toujou vivan (*) - 2008 aprè li mouri (Ansy Dérose, l'immortel)


Annsi Dewoz konpoze epi chante "Ochan pou peyi nou an" ak Remon Moyiz. Ministè Lakominikasyon ak Enfòmasyon te ratifye li nan dekrè pou disuit me mil nèf san katreven sis. Se pa de batay Annsi Dewoz ap batay pou peyi a : asire nou mèt asire nou sa a nan chante a "Nou vle", oswa "FDA w anraje", tankou yon lo ankò. Lavi li a te plen anpil. Plizyè manifèstasyon nan lemonn montre zèv penti li yo kit Ayiti kit lòtbò dlo. Nenpòt sa li fè a li lege nou tout ayisyen yon gwo patrimwann.

E jis jounen jodi a ankò, pwòch li yo kontinye onnore memwa majò jon sa a.






Se yon ti kras rezime sèlman nou fèk pataje la : se pa de plen lavi Annsi Dewoz la plen wi !

Voye yon kout je nan bèl piblikasyon sa yo :

- Mod Etelou, "Mwen konn Ansy Dérose"
Yon entwodiksyon sou biyografi Annsi Dewoz
Edisyon EducaVision
ISBN : 9781626327221
https://educavision.com/mwen-konn-ansy-derose

- Les productions Yole Derose, "Ansy Dérose, immortel"
2008
Yon piblikasyon senkant sis paj ak tout byograpfi Annsi Dewoz, kèk temwayaj pwòch li yo, plizyè pawòl chante li yo tou, kèk foto esklizif epi tèks la "Le mot de Yole"
http://www.lesproductionsyd.com/boutique_fr/Boutique_AIB.html

Epi tande zorèy nou nan prezantasyon Yedene Leon Bastien nan "Emisyon Ayiti nan tan pa m" :
https://youtu.be/8qLrQKaO2D0?t=1580



******

Referans zouti yo mwen itilize :
Fekyè Vilsen ak Mod Etelou, "Diksyonè Kreyòl Vilsen."
Digital Library of the Caribbean.
Educa Vision.
2011.
http://ufdc.ufl.edu/AA00010738/00001
ISBN 1881839370


Wèbmastè a, "Biographie d'Ansy Dérose".
Archives.
Site officiel de Yole Dérose.
http://www.lesproductionsyd.com/


Rudy Dérose, "21 ans déjà depuis qu'Ansy Dérose a fait le grand voyage"
Le Nouvelliste.
2019-01-17.
https://lenouvelliste.com/article/197066/21-ans-deja-depuis-quansy-derose-a-fait-le-grand-voyage
rudy.derose@gmail.com


"Ansy Dérose : zèv ou rete byen vivan".
Jounal Bon Nouvèl.
Janvye 2009.
 https://www.yumpu.com/it/document/read/38676246/layoutjanvye-2009-bon-nouval-1967-a-2010
Nimewo 457
ISSN 1606-660X
bonnouvel@yahoo.com


Yòl Dewoz, (Lè kè m ap bat sou konpa) (*)
Quand mon cœur bat la mesure.
Y&A Records.
1989.
https://youtu.be/8cXZ9X6ZhWs


Kominote a, "Ansy Dérose"
Byograpfi nan lang Lafrans ak tit chante yo nan fòm orijinal*
Wikipedia.
https://fr.wikipedia.org/wiki/Ansy_D%C3%A9rose

Emàniyèl Mirtil, "Ansy Dérose".
Chapit "Discographie".
Musiques d'Haiti. http://musique.haiti.free.fr/

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Bebe m ap bwè w

Ou fè m sou M damou pou w : Chak fwa m wè w ! Bouch mwen ap fè dlo Tèt mwen vire : ou ban'm cho ! M renmen ti lodè w Ou pa p fè ti bebe avè m Ou pa janm rete bèbè avè m Chanpay, wonm, kleren, Tafya, byè, diven, Nou tout gen yon plas nan kè mwen : Ou konnen ? (An afè lasante, pinga nou bwè twòp tafya)

à temps ...

Un soir, un matin, un instant : Y a-t-il une heure pour vivre un beau moment ? Un soir, un matin, un instant : Des autres, on se nourrit, on apprend Un soir, un matin, un instant : On partage en grand Le plaisir des mots à cueillir, mûrir, puis offrir La salvation des maux dans les rires. Un soir, un matin, un instant : En bavardant, en courant, en marchant, Ce qui compte vraiment Reste tout simplement L'instant présent ...avec de la concurrence en toute bienveillance pour fermer les rangs - Roseny BLANCA, juillet 2018

Egzanp

Bayakou se yon fyète Pou tout moun, yo gen respè Nou rele yo pou afè dlo sal ak lasante E tout kote yo pase, yo fè pwòpte Bayakou se yon kado Lè nou reflechi, nou tout bezwen yo ! Pa gen pèsòn ki pa fè poupou, ki pa fè popo Oswa nou t a tout fè vwèl pou peyi san chapo Bayakou se yon sous lò Yo jwèn plis pase lòt bò Pitit yo pa rete an deyò Men aprann lekòl pou yo vini fò Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Pran plezi, fè kòb, gen yon tan pou tout bagay Chita pa bay : ou ranje kay w anvan gen loray. Yo pa rantre nan tripotay, nan lavil tankou non kanpay Yo fè anpil pou nou. Men, yo twò rete nan lonbray Bayakou se yon egzanp Yo fè kòb, yo swe, yo gen tranp Se pa sèl « bwè, manje, jète » :  yo fè rant Lavi a rèd, e lavni yo gen bon sant Bayakou se pwoteksyon Yon travay pou ajoute nan dividal anbisyon n Ekonomi bag, plantasyon, Anviwònman, pwogrè lanasyon Nan men bayakou gen bèl lorizon

Travayè

Travayè Pou ki sa yo chwazi sa ? Pou ki sa yo travay di kon sa ? Solèy pòko leve, yo pòte chay, yo swe Jounen yo rèd : se pa de mache yo mache, Jounen yo rèd : se pa de koube yo koube Lannuit, lajounen, Gwo chalè, gran fredi mèt brile zo yo Lannuit, lajounen, Yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Koute yo nan lari, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Nan transpò piblik, yo renmen sa yo fè, yo gen fyète yo Yo pran douvan, e yo fè jou louvri Bite tè a pa dous, Se rezilta a k pi gran resous Chak jounen yo gen yon sans Chak jou yo aprann e yo pran esperyans. Nenpòt kote yo ale, ni kote yo sòti se yon chans : Konbit yo se yon syans ! Piti kou gran gen enpòtans Tout ansanm yo pataje konpetans Men d èv bon mache ? Lè yo ale nou kontrarye ! Tout bòs se bòs, men tout bòs pa menm : Aprè yo pa gen lòt ! Yo la pou nasyon an vini fòt ! Bòs, Pechè, Bayakou, Peyizan : Koute yo k ap konte, yo griyen dan Koute yo k ap pataje, kè nou kontan ! https://pxhere.com/en

Reponn

Reponn Zye kontre, manti kaba : Ou ap twaze m tankou yon lwa Menm nan fè nwa Gen yon reflè nan miwa a Ki sa m ap kite dèyè m ? Ki sa mwen ye ? Ki panse m ap kite dèyè m ? Ki moun mwen ye ? Ki bonnè m ap kite ? Ki malè m ap mennen ? Lage yon dra blan Pa tonbe nan jouman Pran plezi, griyen dan,  sonje mwen ak kè kontan Ou menm ki rete : Reponn, Di m ki moun mwen ye. Sèl se sèl yon moun ki ta reponn ? Sèl se sèl yon moun ki kapab reponn ? Sèl se sèl yon moun ki ta sipoze reponn ? Es yon moun menm ta dwe reponn ? Ki sa m kite dèyè mwen ? Miwa pwòp tèt mwen ? Ki sa m kite ou konnen sou mwen ? Ki moun mwen ye ? Ki listwa mwen genyen ? Ki sekrè m ap mennen ? Nan mitan zye Nan fon kè Nan mitan panse Nan sim laverite Griyen dan pa di zanmi pou sa Pale franse san pa gen lespri pou sa Makak pa jwe ak tig Kouto konnen sa ki genyen nan kè fig Zanmi, fanmi : Ou pli mal pase jounalis ! Fanmi, za