" Tonton Bouki ( x2 ) Kote w ye ? ( x2 ) Fè bwa sèk sonnen ! ( x2 ) Tim tim tim ! ( x2 ) " Nou konn chante sa nan yo lòt lang ? Pouvwa tim tim bwa sèk ! Jwèt mo sa yo kapab rasanble moun. Moun yo, ki sòti nan fon peyi a, sonje lè yo te ti moun. Nou menm ki ap aprann nou eseye konprann abitid ak lavi nan peyi a. Kit nan titre kont oswa nan esplikasyon, n ap toujou reflechi oswa griyen dan ! 1. Tradisyon oral - tire kont Pifò nou itilize tim tim bwa sèk, se lè n ap tire kont. Yon lodyansè voye yon tim tim chak fwa li bay kadans : lè l fenk koumanse yon istwa, nan mitan yon istwa, lè odyans lan koumanse bouke, lè l envite odyans lan pou l reyaji. Men m jan Raphaël Confiant ekri nan "Dictionnaires des titims et sirandanes" : depi nan Ginen nou voye tim tim. Tradisyon sa rete avè nou. Kit se yon kontè, kit se yon griyo, yon lodyansè, yo tout makonnen avè yo menm jan. - Veye ak veye vivan Nan moman sa yo tout fanmi lan reyini. Gen bwèson, dom...