" majò jon - Moun ki devan okès ki ap bay kadans " : definisyon sa sòti Diksyonè Kreyòl Vilsen nan paj 310. Lavi Annsi Dewoz te plen anpil anpil ! Pi ta li mouri samdi disèt janvye mil nèf san katreven disuit, nan swasant twa lanne li yo, poutèt yon kansè : vini dekouvri yon ti entwodiksyon sou byografi li a, mwen ekri pou youn nan zanmi mwen yo ! Chak fwa nou kontre siy "(*), " konprann "tit orijinal sa ekri an franse epi m pwopoze w yon tradiksyon" [ (*) = tit orijinal sa ekri an franse epi m pwopoze w yon tradiksyon ] Annsi Dewoz te fèt yon twa jen mil nèf san trant kat. Twazyèm pitit li ye nan linyon madanm Wodòf Dewoz, Fènand Ilè, ak mari li a. Dirèktè yon lekòl pwofesyonnèl, otodidak, bòs, atizan, pent, chantè, mekanisyen, powèt, pwofesè syans linivèsite, kwafè, fondatè plizyè konbit ak mazenga, achitèk-dekoratè, maestwo : tout travay sa yo, li fè yo tout. E tout moun konfime : li gen anbisyon, li pa nan pale franse e li genyen brenn po...