Reponn Zye kontre, manti kaba : Ou ap twaze m tankou yon lwa Menm nan fè nwa Gen yon reflè nan miwa a Ki sa m ap kite dèyè m ? Ki sa mwen ye ? Ki panse m ap kite dèyè m ? Ki moun mwen ye ? Ki bonnè m ap kite ? Ki malè m ap mennen ? Lage yon dra blan Pa tonbe nan jouman Pran plezi, griyen dan, sonje mwen ak kè kontan Ou menm ki rete : Reponn, Di m ki moun mwen ye. Sèl se sèl yon moun ki ta reponn ? Sèl se sèl yon moun ki kapab reponn ? Sèl se sèl yon moun ki ta sipoze reponn ? Es yon moun menm ta dwe reponn ? Ki sa m kite dèyè mwen ? Miwa pwòp tèt mwen ? Ki sa m kite ou konnen sou mwen ? Ki moun mwen ye ? Ki listwa mwen genyen ? Ki sekrè m ap mennen ? Nan mitan zye Nan fon kè Nan mitan panse Nan sim laverite Griyen dan pa di zanmi pou sa Pale franse san pa gen lespri pou sa Makak pa jwe ak tig Kouto konnen sa ki genyen nan kè fig Zanmi, fanmi : Ou pli mal pase jounalis ! Fanmi...