Accéder au contenu principal

Tim-Tim mele mele ak lòt ti jwèt dijital yo ( pwovèb, lasisin, bèbè, kèsyon-repons, Defi djondjon )

Isi a w ap jwenn plizyè ti jwèt dijital tankou :
# Tim tim mele mele, 
# Pawoli ak pwovèb, 
# Lasisin bèbè ak pawoli, 
# Tim tim ! Bwa sèk ! 
# epi kèsyon repons ak kèk resous ekonomik. 


An nou pran plezi epi fè yon dal foto pou nou sonje bèl moman nou ap pase !

*****

Tim tim !

       Bwa sèk !


---> ki bòs tim tim ap jwenn yo tout ??? 🎓🥇🏆

🇭🇹 An nou mete yon ti lòd nan "tim tim mele mele" sa yo !
🇲🇫 Lire chaque devinette à gauche puis retrouver la réponse correspondante située à droite : mettez de l'ordre dans ce casse-tête de devinettes !
🇺🇸 Pair each riddle with its own clue !






A- Nou la pinga ou jete anyen !


AN- Ti tonton boukannen, ti tonton moulen !


B- Ti gason mele !


CH- Pli m fon, pli m bon !


D- Dwe vini, dwe pati, dwe rive !

......

1- Jakmèl !


2- Tap tap !


3- Choublak, lalo, kalalou !


4- Mayi !


5- Rasin vetivè !

Kèk esplikasyon ⏯️


****

Komande Diksyonè a tou !


Pase telefòn ou a sou kòd repons tap tap la (QRcode) epi komande liv sa a ki rele "Dictionnaire des Titims et des Sirandanes" nan edisyon Ibis wouj. Ou ap jwenn yon lo tim-tim ki fèt Lagwadloup, Lamatinik, Larènyon, Ayiti, Lagiyann, elatriye. Pa enkyete w ak istwa laj ou genyen oswa kote ou sòti : tout moun ap griyen dan epi pran bon plezi, asire ou m ap asire ou sa a ! Sonje tout repons yo chita nan diksyònè a ! Mwen pwofite okazyon sa a tou pou mwen remèsye konbit "Potomitan.info" ki fè m dekouvri yon dividal kalite bon zouti gras a sit entènèt li a. Pou tout kesyon ou ta genyen, voye yon imèl sou voyageonslocal@gmail.com

.... quelques mots et le voyage commence !





Votre QR Code
********


********









Dat dènye korèksyon - 09/10/2021 - Wozni BLANKA (Roseny BLANCA)

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Konpoze

Konpoze Yo rele nou fatra, men fò ou sonje Sa bèl lè nou melanje Nou vire, nou tounen Se pa de monte, chalè a ap monte Wi, chalè a monte Gen kèk gaz ki ap chape : Pa enkyete w, Doudou, « Misye konpòs, se avè w li ye. » Chalè a monte Gen kèk gaz ki chape : Nou pa bezwen kouran, Se nou menm k ap voye elektrisite. Se konpòs mwen ye, Banm tout sa ou vle. Ou sikre : m ap manje w. Ou si : m kapab manje ou tou. Se konsa mwen ye : Tout sa w ye, M ap manje. Ti mòso a ti mòso Kraze bwa, kraze zo. Ti mòso a ti mòso Nou vini melanje tankou dlo. Po, lèt, ze Yon sèl eleman nou fòme. Po, lèt, ze Yo rele nou fatra, men fò nou sonje Ban mwen bon manje pou m manje Se konpòs mwen ye. Manman, Papa Pa manke m dega Pa mete plastik nan mitan nou Pa jete fè tou, nan mitan nou. Nou rayi yo Nou pa sipòte yo. Yo anpeche nou fè Sa nou gen pou fè Yo anpeche nou rive nan sim Yo anpeche nou rive nan leta iltim Yo rele nou fatra, men fò nou tout sonje Sa bon, sa bèl pou la

An nou fè yon ti pale !

Au fil des discussions en français, retrouvez le retour d'expérience de divers.es invité.e.s quant à leur langue maternelle : Pran bon plezi ! https://anchor.fm/voyageonslocal   Vini kontre nou sou Spotify tou ! https://open.spotify.com/show/3Dwznb0PkDI2JHkoj9uOMG S4E5 -            - SEZON KAT EPIZÒD SENK * Jounen mondyal kreyòl 2022 * Kèk jwèt dijital nou jwenn sou VoyageonsLocal.blogspot.com * Preparasyon diri djon djon S4E3 -            - SEZON KAT EPIZÒD TWA * Pwogram televizyon pou timoun : @lakoukajou ( 14 minit ) * Kèk pwodui Ayiti : Vetivè, kasav, manba, chiklèt, mango, kann, kennèp S4E2 -            - SEZON KAT EPIZÒD DE : quelques mots et le voyage commence ! * Choublak : plante ornementale tropicale couramment appelée HIBUSCUS  * Ankouraje mwen : chante peyizan ki sòti nan sit entènèt Matenwa.org * Tim tim ! Bwa sèk ! => qu'est-ce qui résonne en faisant "ding ding" ? Deux bâtons de bois sec ! ________

Aprezan

Aprezan M pa t konn ki jan Pou m pale avè w M pa t konn ki jan Pou m reyaji avè w Ou pa t konn ki jan Pou ou reyaji san kolè Nou pa t konn ki jan Esprime nou san movè san M ta renmen remoute tan an M ta mete m chita san pèdi tan Pran bon konsey nan silo sajès : M ta anjwa, kè m t ap kontan Paske nou t ap toujou ansanm Ankò aprezan Kredi : Tèks : Roseny BLANCA Foto : http://twentytwowords.com/ridiculously-funny-memes-that-will-hit-way-too-close-to-home/2/

Lavni beni

Lavni beni Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann pran plezi Pa janm sispann pale an daki Pa janm sispann reve je louvri Pa janm sispann renmen lavi Pa janm sispann aprann epi li Pa janm sispann koute epi ri Pa janm sispann chante, danse tankou yon kabrit Kreyòl pale, kreyòl konprann Vini eseye : n ap vini pi fò ansanm Pa janm sispann proteje lanati Pa janm sispann dekouvri lòt mèzi, lòt kilti Pa janm sispann kontre vrè zanmi Ansanm, ou mèt chita, oswa mache nan lari Pa janm sispann pran nouvèl fanmi Pa janm sispann kwè nan agrikilti Pa janm sispann dekouvri lòt kilti, lòt peyi Pa janm bliye kote ou sòti https://soundcloud.com/voyageonslocal/lavni-beni

Li kite chapo l

Zanmi m ale li kite chapo l Lè l fè fredi pi souvan Li pote youn detanzantan Bayakou pa souse dwèt yo jis aprè travay Nou menm nou sòti, nou griyen dan Dènye fwa nou kontre Nan trant jen nou te ye Nan Mize « Quais Branly » nou te promenne Nou dekouvri Amana ak Maori Nan « La Before » nou pran plezi Ou renmen Pari E ou renmen dekouvri lòt kilti Rete chita nou pa konn sa Nou mache, nou sòti nan galrida Pale anglè ak jouman san traka Griyen dan tout kote nou gen dwa Jis nou rantre nan fè nwa M sonje bèl moman nou pase Bon chokola nou manje Ak gwo ti ponch nou te goute M ta fè yo ankò pou w ta rete Men tan an ap kouri, ou ale Souvni yo rete Nou tris, tout figi nou plen dlo Zanmi nou ale pou peyi san chapo « Choky » al nan plaj