Accéder au contenu principal

Articles

Bienvenue ! Welcome ! Onè respè !

Articles récents

AYAABA 17/03

  Dimanche 17 mars 15h Conte « istwa Ti Zo ak Ti Lona » : > Comptines « chante peyizan » > Devinettes « Tim tim ! Bwa chèch ! » > Atelier coloriage  Restaurant AYAABA 24 rue Godefroy Cavaignac 75011 Paris France Métro 9 : Voltaire  ENTRÉE LIBRE - RÉSERVATION OBLIGATOIRE voyageonslocal@gmail.com

Koloryaj

   Yon liv pou kolorye : => kèk tim tim ! => plizyè desen ak resous e medsin fèy => apre nou gen senk paj pou nou desine pou kont nou ! Koloryaj ak tim tim Lire plus de publications de VoyageonsLocal sur Calaméo       🖶🖶🖶🖶🖶 Pije isi a pou enprime desen yo 🖶🖶🖶🖶🖶

Kèk pawòl mizik

Pawòl _ Chante _ Otè _lyen pou videyo a Ayiti cheri se w k ban m lavi, menm si m ale kite w yon jou m ap retounen nan pye w _ Lakay _ Tabou Combo _ https://youtu.be/n_g7OhJ9oxY Nou bouke manje manje chinwa, nou bouke antre nan faktori _ Lakay _ Tabou Combo _ https://youtu.be/n_g7OhJ9oxY Tout moun konplekse, tout moun sou manti, pale fransè vini tounen metye _ Sort tiers-monde _ Ti Manno Yo konfonn fakilte ak inivèsite _ Sort tiers-monde _  Ti Manno Lage l nan riyèl la _ Tabou Combo  Yon ti lajan, yon ti loto, yon ti bijou... W ap ba li l _ Jealousy _ Tabou Combo _ https://youtu.be/6szh5YGG2PM Lè w nan menaj pa koute kolè w pou fè jalouzi _ Jealousy _Tabou Combo _ https://youtu.be/6szh5YGG2PM Sa ki sere pou ou, lavalas pa sa ramase l _ Juicy Lucy _Tabou Combo _ https://youtu.be/AyVS1vFQklw Madigra m pa pè w. Se moun ou ye _ Juicy Lucy _Tabou Combo _ https://youtu.be/AyVS1vFQklw Lage m nan riyèl la, lage m nan lòbèy la _ Tabou Combo in Panama 2002 _ Tabou Combo _ 24min Gad yon bolewo, Ma

Koripsyon

  Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Nou konn tande : " leta, leta, leta, se fòt leta ! " men chak moun dwe pran pwòp responsabilite pa yo Nou fè leta, nou tout se leta Nou genyen enterè nan leta Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Lè gen malfektè k ap vann, Konnen gen moun parèy yo ki achte. Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Se sòt ki bay, enbesil ki pa pran Se mank edikasyon ki pi degoutan Men sak vid pa kanpe Se pa lè w nwaye w aprann naje Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou chache mwayen pou l fè biznis, pou l fè afè, pou l sere yon ti lajan nan pòch ak brase plis kòb ankò. Leta mèt ekri yon pakèt tèks lwa Men konsome bay Se konsomatè k gen pouvwa Gen koripsyon nan tout nivo Gen koripsyon tout kote Moun ap toujou

Madigra

  Madigra m pa pè w : Se moun w ye. ----- Nou mèt kontre "lougawou" nan plas "madigra" ----- Kèk egzanp sou entènèt

Anjelik O !

 Anjelik O ! ( x2 ) Chita kay Manman ou ! Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou Si w pa konn lave-pase Chita kay Manman ou foto : @banoootah_qtr / https://flic.kr/p/21EBTe Kèk enfòmasyon sou chante sa a : https://www.mamalisa.com/blog/angelique-o-a-haitian-song/ 

Jodi a se fèt ou !

 Jodi a se fèt ou ! Nou pral manje gato N ap swete w yon bon fèt ! Nou vini fete avè ou !

Panama mwen tonbe !

Mwen sòti lavil Jakmèl Mwen prale Lavale An arivan nan kafou Bènè Panama mwen tonbe Panama mwen tonbe ( x3) Sa ki dèyè ranmase li pou mwen - - - - - soundcloud - youtube - spotify

Ankouraje mwen

Ankouraje m nan sa m ap fè a Pa ban m presyon pa rele sou mwen Montre m ou renmen m Fè dyalòg avè m Konsa n ap rive pi lwen Matenwa.org Kredi foto : Carlos Lacruz, Haiti classerooms 2 -   https://flickr.com/photos/carlos_lacruz/11374233735/in/photolist-ik6Vqc-5DRJ1r-4BVQnL-8r599d-7RsRQ3-bR56Pg-xQVhqq-9G7sN-dd1VMG-92vV9r-K53cqf-8BJ7Qx-8HnVzg-aqAmGu-8uQhNh-5oikFf-53HQ6Y-7Gv8yB-8Hr4ds-8Hr4fG-8HnVBp-6wQ1j-92vV44-dXFRVZ-8tZyPs-7vL3ro-dXMxvE-CddAtk-5QgNZm-99aj2S-bCUdUX-8r29Tx-dXMKcA-92z3m5-92z3nj-8uQ5kQ-8s5979-SYMyA3-99nd9z-8xkL6w-9cTP5D-9Wxgym-92vVez-8r5eFh-8r4ZoN-6wPW1-8xhGGv-8xkGCC-6xkzin-8r5fv3 Prise le 3 décembre 2013  Certains droits réservés  Masquer l'EXIF Compression - JPEG (old-style) X-Resolution - 240 dpi Y-Resolution - 240 dpi YCbCr Positioning - Centered XMPToolkit - Adobe XMP Core 5.5-c002 1.148022, 2012/07/15-18:06:45 Metadata Date - 2013:12:03 16:17:07-05:00 Document ID - xmp.did:c14b8436-4b3f-2f4d-bb7f-3c2a23ecc4e2 Instance ID - xmp.iid:c14b8436-4b3f-2f4d-bb7f-3c2a23ecc

Fiyèt lalo

Ti zwazo, ki kote w prale ? M ap prale kay fiyèt lalo. Fiyèt lalo konn manje ti moun, Si w prale, li ap manje w tou ! "Brik-kolo-brik" ( x2 ) Wosiyòl manje kowosòl "Brik-kolo-brik" ( x2 ) Wosiyòl manje kowosòl Woulo ( x2 ) Mwen sòti lavil Okay, Tout bèt tonbe nan dlo ( x2 ) Mwen sòti lavil Okay, Tout bèt tonbe nan dlo ( x2 ) #souplamelemele | soundcloud | youtube | S2E8 https://flickr.com/photos/edvolunteers/4911322504/in/photolist-8tZP5d-8tZLTL-8tZKSu-8tWvEc-8tZxRo-8tXENB-8tZYkb-8tX9p4-8u1iCN-8tXbji-8tWX8D-8tZDXm-8u1kpL-8u1KeC-8tZQcu-8tZCVC-8tXhfZ-8tZHdm-8u1ZCW-8u1xPY-8tZJij-8tZSeC-8tWwE4-8tXxMp-8u1uGm-8tWE2T-8u11nJ-8tWP8t-8tZF13-8tXTfR-8tXquP-8tZW75-8tXY9x-8u1aVJ-8tXWpB-8u1C7j-8tXVfT-8tZw5m-8tX7zz-8tY1de-8tWoVp-8u198A-8u1Qgb-8u1yVW-8tZG6A-8tZvad-8u1AUN-8tXuAF-8tZwUj-247UoBZ Photo prise le 16 août 2010  Certains droits réservés Olympus uT6000,ST6000 ƒ/3.5 5.0 mm 1/30 100 Flash (automatique, déclenché) Masquer l'EXIF Compression - JPEG (old-style) Image Descrip

Masterclass

Séance d'apprentissage personnalisée An n dekouvri ak pwogrese ansanb ! Voici un exemple / Men yon egzanp : Réservez vos séances / Kite m konnen : VoyageonsLocal@gmail.com pour plus d'information sur Roseny Blanca / fè plis konesans ak Wozni BLANKA #VoyageonsLocal quelques mots et le voyage commence !

Pouvwa tim tim bwa sèk !

" Tonton Bouki ( x2 )    Kote w ye ? ( x2 )    Fè bwa sèk sonnen ! ( x2 )    Tim tim tim ! ( x2 ) " Nou konn chante sa nan yo lòt lang ? Pouvwa tim tim bwa sèk !  Jwèt mo sa yo kapab rasanble moun. Moun yo, ki sòti nan fon peyi a, sonje lè yo te ti moun. Nou menm ki  ap aprann nou eseye konprann abitid ak lavi nan peyi a. Kit nan titre kont oswa nan esplikasyon, n ap toujou reflechi oswa griyen dan ! 1. Tradisyon oral - tire kont Pifò nou itilize tim tim bwa sèk, se lè n ap tire kont. Yon lodyansè voye yon tim tim chak fwa li bay kadans : lè l fenk koumanse yon istwa, nan mitan yon istwa, lè odyans lan koumanse bouke, lè l envite odyans lan pou l reyaji. Men m jan Raphaël Confiant ekri nan "Dictionnaires des titims et sirandanes" : depi nan Ginen nou voye tim tim. Tradisyon sa rete avè nou. Kit se yon kontè, kit se yon griyo, yon lodyansè, yo tout makonnen avè yo menm jan. - Veye ak veye vivan Nan moman sa yo tout fanmi lan reyini. Gen bwèson, domino, manje, mizik :

Rezilta

  " Èd sa kraze peyi a" :      Ki jan nou konprann sa ?     Èd toujou itil youn     Oswa plizyè moun :     Yon dal menm mèt bennefisye,     men ki kalite rezilta nou vle ? " Peyi nou, pitit nou "     Men ki kalite dyaspora m ye ?     Ki jan m montre l m renmen l ?     Ki lè m ap bay li konfyans mwen ?     Ki wòl m ap jwe nan lavni li a ? " Peyi nou, machin nou "     Jete dlo nan radyatè a, mache yon ti tan sèlman :     Pito n mete luil nan motè     Pase grès nan chèn transmisyon     Chaje rezèvwa l ak yon galon esans " Peyi nou, moun parèy nou "     An n mete men     An n itilize chay nou a     An n bay li valè     An n respekte l     An n aprann konnen l     An n pale avè l     An n fè komès avè l " Èd sa kraze peyi a" :      Ki sa k fè sa ?     Èd toujou itil youn     Oswa plizyè moun :     Yon dal menm mèt bennefisye,     men ki kalite rezilta nou vle ? Otè : Wozni BLANKA Imaj : Rezilta yon atelye "pliye yon taptap"

Kreyòl pou biznis

Kreyòl pou biznis ? Ki sa sa vle di ? Ki konsèp makonnen ak lide sa a ? Ki moun ap sèvi avè l deja ? Ki moun ta sipoze aprann li ? Ki kote n ap jwenn bon kalite zouti ? Figi : sous entènèt - Otè tradiksyon a : Wozni BLANKA An n gade konsèp "Kreyòl pou biznis" nan yon diskisyon : voyageonslocal@gmail.com

Ti flè a

 🌺Yon ti flè ki ap boujonnen ? . Yon boujon ki ap fleri !🌺 🌺M ap tann li tankou tè sèk ap tann lapli ! . Jodi a li la e m byen kontan wè li 🌺 Otè : Wozni BLANKA

Anrepo

Si w pa bezwen m Kite m anrepo. Si w mande pou mwen Itilize m. Si w vini chache m Fè yon bagay itil avè m : Itilize m. Pa pran pòz nou grangou avè m, Si se gaspiye  N ap gaspiye m : Kite m anrepo. Pinga ou kite m  Pran pousyè Kenbe m byen djanm Pa kite m  La ki ap gaspiye Lè w fini avè m, Kite m anrepo Yon lòt moun  Ap bezwen m Kite m anrepo Yon lòt moun  Mèt sèvi avè m Kite m anrepo Nou mèt fè konpòs avè m Pinga ou jete jete m M mèt itil pou latè Pinga ou kite m  Ki ap gaspiye

Konsome bay

"Se inyorans ki lakòz grangou ak lamizè nan lemonn : ti malère se konnen yo pa konnen, e moun ki genyen pa konn pataje" : yon " imaj dwòl " nou souvan kontre sou entènèt sou plizyè fòm (tankou egzanp sa : twitter ak   https://www.instagram.com/p/B_gVkRfnX3X  )  will never forget when my classmates and i had to go to a seminar on how to end world hunger and the lady said “world hunger doesn’t exist. there is more food on this earth than all of us could eat. the people with the food just won’t share” https://t.co/BGsyB9RZN3 — cami o. (@_camielise) April 24, 2020 Oswa yon lòt egzanp ankò sou Facebook : Manje miyò pou yon lavni bèni  ("Mieux manger pour changer le futur" - Notre assiette est le levier le plus puissant pour sauver notre planète) Epi nou genyen plizyè egzanp menm jan nan plizyè videyo Ayibopost tou : - chita pale ak ekonnomis Etzer Emile otè yon tèz =  https://www.youtube.com/watch?v=7Qf-s8UBXgA  

Annsi Dewoz : majò jon vivan toujou vivan

" majò jon - Moun ki devan okès ki ap bay kadans " : definisyon sa sòti Diksyonè Kreyòl Vilsen nan paj 310.  Lavi Annsi Dewoz te plen anpil anpil ! Pi ta li mouri samdi disèt janvye mil nèf san katreven disuit, nan swasant twa lanne li yo, poutèt yon kansè : vini dekouvri yon ti entwodiksyon sou byografi li a, mwen ekri pou youn nan zanmi mwen yo ! Chak fwa nou kontre siy "(*), " konprann "tit orijinal sa ekri an franse epi m pwopoze w yon tradiksyon" [ (*) = tit orijinal sa ekri an franse epi m pwopoze w yon tradiksyon ] Annsi Dewoz te fèt yon twa jen mil nèf san trant kat. Twazyèm pitit li ye nan linyon madanm Wodòf Dewoz, Fènand Ilè, ak mari li a. Dirèktè yon lekòl pwofesyonnèl, otodidak, bòs, atizan, pent, chantè, mekanisyen, powèt, pwofesè syans linivèsite, kwafè, fondatè plizyè konbit ak mazenga, achitèk-dekoratè, maestwo : tout travay sa yo, li fè yo tout. E tout moun konfime : li gen anbisyon, li pa nan pale franse e li genyen brenn po

An nou fè yon ti pale !

Au fil des discussions en français, retrouvez le retour d'expérience de divers.es invité.e.s quant à leur langue maternelle : Pran bon plezi ! https://anchor.fm/voyageonslocal   Vini kontre nou sou Spotify tou ! https://open.spotify.com/show/3Dwznb0PkDI2JHkoj9uOMG S4E5 -            - SEZON KAT EPIZÒD SENK * Jounen mondyal kreyòl 2022 * Kèk jwèt dijital nou jwenn sou VoyageonsLocal.blogspot.com * Preparasyon diri djon djon S4E3 -            - SEZON KAT EPIZÒD TWA * Pwogram televizyon pou timoun : @lakoukajou ( 14 minit ) * Kèk pwodui Ayiti : Vetivè, kasav, manba, chiklèt, mango, kann, kennèp S4E2 -            - SEZON KAT EPIZÒD DE : quelques mots et le voyage commence ! * Choublak : plante ornementale tropicale couramment appelée HIBUSCUS  * Ankouraje mwen : chante peyizan ki sòti nan sit entènèt Matenwa.org * Tim tim ! Bwa sèk ! => qu'est-ce qui résonne en faisant "ding ding" ? Deux bâtons de bois sec ! ________